HAITI – Zansèt nou yo te fè anpil sakrifis, pou yo te ka libere tèt yo kont tout maltretman kolon blan Fransè yo. Byen ki eritye anpil fwa toujou gaspiye, paske anpil fwa moun ki eritye byen sa yo, pa konn valè byen sa.
Pandan ke nou menm Ayisyen jwenn yon moso tè ke nou k’ap rele LAKAY, men nou vrèman bay efò lapenn, nou plis kwè nan divizyon ke inite. Si nou ta va chita imajine sa zansèt nou yo te soufri, nou t’ap ka rive pran konsyans, epi travay pou yon lòt Ayiti.
Lè ou leve a 6 zè nan maten jiskaske solèy kouche ap travay, solèy ak lapli pase sou do’w san reyalize anyen, tèt pa ou, pa pou ou. Pitit ou, madanm ou a nenpòt lè mastè an ka pran yo al revann a yon lòt mastè, epi ou pa janm wè yo ankò. w’ap pran baton, etc… ebyen zansèt nou yo pa te aksepte ak sa. Jounen jodi ou jwenn Ayisyen k’ap di endepandans nou an pa vo nou anyen, si’w t’ap viv nan tan zansèt nou yo, ou t’ap konn sa li vo.
An 1804 apre anpil sakrifis, yo pran endepandans yo, e sa te pèmèt pitit yo, pitit pitit yo, pa te gen dwa janm pase mal trètman yo te pase anba men kolon blan Fransè. Ebyen Premye Janvye 1804, grenadye nou yo te deklare ke yo lib, e ti pèp lan pa te restavèk ankò. Men te gen yon problem, te gen yon seri de manje yo pa te ka manje. Yonn nan bagay yo pa te ka manje sete JOUMOU. se te sèl kolon yo ki te ka bwè soup joumou. Si yon kolon te trape yon esklav k’ap bwè soup joumou, esklav sa te konn pran anpil baton, e pa fwa sa menm te ka koz lanmò’l. Ebyen lè nouvo pèp Ayisyen nou an aprann ke yo lib, ebyen premye sa yo fè yo monte chodyè yo, epi yo fè soup joumou, separe bay fanmiy, bay vwazinaj pou bwè.
SOUP JOUMOUN pou Ayisyen se yon siy de libète li ye. Depi premye Janvye rive, nan nen pòp peyi ou trouve Ayisyen y’ap fè soup joumou, se yon tradiksyon ki la pou fè nou sonje lè zansèt nou yo te libere anba men kolon blan Fransè, se yon fason pou nou bay gratitid bay Zansèt nou yo.
Pito nou lèd men nou la, epi nou lib.
Pictures source: Facebook