Relationship

5 bagay ou pa dwe fè si’w aprann ke mari’w gen yon lòt fanm sou ou

RELATIONSHIP – Anpil fi lè yo aprann ke mari yo ap banboche sou yo, premye sa ki nan lide yo se atake nèg lan. Wi emosyon ka koz ou fè anpil bagay, men yonn nan bagay pou pa fè se ba li Onè sa kote ou ap fè yon pakèt pale, kriye, chire rad oubyen vide loròks sou rad li. Lè ou gen bon jan evidans nan men’w ke l’ap pran plezi ak yon lòt fi sou gen 3 bagay ou dwe fè

1- Mete fanm sou ou, paske li gen kèk tan l’ap mache sou ou, ebyen ou dwe nanm sou fè li konnen ke konnye ou pa gen pou mache sou zòd li ankò.
2- Kenbe dinyite’w. Pa nan al desann figi’w devan lòt fanm al nan goumen pou nèg sa ki pa respekte’w lan. Epi lòt bagay pou mete nan tèt ou si fanm sa te nivo’w, li pa t’ap nan al ranse ak mennaj ou, se paske li se yon dezyèm men li ye ki fè l’al nan ranse, desann figi’l devan mari’w.
3- Pa al fè anyen ki pou fè polis vin mete minòt nan men’w.

1- Pa di’l anyen jis paske ou tande moun ap di’w ke mari’w gen yon lòt fanm sou.
Pa jis reyaji pa sa Geradine, Manoucheka, Rozette, Linda di’w, oubyen jis paske ou gen yon santiman ke l’ap fè yon degaje sou ou. Li bon pou gen bon jan evidans ki chita nan pla men’w. Pa ekzanp ou gen mesaj li menm ak moun fi an, ou gen resi kote li t’al manje, kado li te achte, kote li te ale nan cinema, foto li pran ak lòt fanm deyò li genyen an, etc… Si ou pa gen evidans sa yo, tounen detektiv, mete entèlijans ou deyò pou jwenn sa ou ap chèche a. Pa al nan akize’l jis paske ou gen lide ke l’ap fè yon bagay mal sou ou.

2- Pa janm, janm, janm, janm ki te li fè’w santi se ou ki antò.
Yon banbochè dwe responsab pou aksyon li. Ou pa te kenbe zam nan tèt li pou li te fè anyen. Piga ou al pran chay antò li mete sou, pou al panse se paske ou pa te fè sa, paske ou pa te gen tan pou li nan moman sa, e tou pa kite’l azade’l vin lage chay lan sou ou tou. Lè li te vin pale avèk ou, lè li te pran angajman pou li te marye avèk ou, se pa kidnape ou te kidnape li, li te deja konnen ki règleman, ki sa pou li ka fè ak sa li pa gen dwa fè. Alò lè ou ap pale ak li asire’w ke pye’w byen plante pou ou ka fè’l santi se yon fanm djanm k’ap pale ak li. Pa al nan al kriye devan’l, si se charye pou ou charye ebyen charye, oubyen si deyò w’ap mete’l flank deyò. Depi ou al nan kriye devan’l w’ap fè li santi ke li gen plis pouvwa sou ou toujou.

3- Pa bay tan pou li nan pran desizyon.
Li konnen trè byen ke li pran yon angajman avèk ou. Li pa merite pou l’ap di’w ki sa li vle, konnye a se ou menm boul la nan men’l, ou ka voye’l kote ou vle, ou ka pran nenpòt desizyon ki nan lide’w. Ou gen pouvwa pou ou di’l sa ou vle ki pou kòmanse jodi an, e kouman ou vle pou relasyon sa ye konnye a. Depi ou gen evidans ou nan men’w pa nan ba li tan pou l’al nan esplike’w koze. Mete fanm sou pou ou pale ak li, e sonje se ou menm ki gen dwa la pawòl, paske konnye a se ou menm ki anchaj relasyon sa a, si ou vle rete ladan ou rete, si ou pa vle rete tou jis vire do’w. Pa kite moun ap derespekte’w, e se sèl ou ki konnen sa k’ap bon pou ou. Sèl sa ou dwe konnen si w’ap rete ak li, pa fè li fasil pou li, fò ou trase yon ekzanp pou li mete nan tèt li pwochèn fwa li fè yon bagay kon sa li p’ap jwenn chans sa ankò.

4- Pa kriye
Yonn nan bagay pou ou konnen depi ou nan kriye pou yon moun k’ap fè ou mal ou tou di’l ke li ka refè’w menm bagay la ankò e ou p’ap fè yon pa. Wi w’ap gen anpil doulè, l’ap fè ou mal, men se lè sa w’ap bezwen pou ou pi djanm nan relasyon sa. Premye sa pou ou mete nan tèt ou ke maryaj/relasyon’w lan pa negosyab. Pa al nan plenyen, kriye, ni al mande’l pou ki sa li fè sa? Yonn nan bagay pou ou konnen ke li fè’l paske li vle fè’l. Fi an l’ap banboche ak li an pa fòse’l. E yonn nan rezon ki fè li fè’l se paske li pa respekte relasyon ou gen ansanm ak li an.

5- Pa al nan poze tèt ou kesyon pou ki sa li fè sa?
Ou pa responsab pou sa li fè an, alò ou pa gen rezon pou ap bay tèt ou pwoblèm pou li. Yonn nan bagay pou ou konnen pandan w’ap bay tèt ou pwoblèm, li menm li gen dwa se dan’l l’ap griyen ak zanmi’l. Konnye a sa ou gen pou ou fè se panse ki sa ou vle fè, e mete tout enèji’w sou fiti’w. Deside ki sa ou vle fè, apre ou jwenn yon desizyon kontinye ak vi’w san regrèt. Yonn nan bagay pou ou konnen lè ou konfronte yon banbochè gen anpil chans pou relasyon sa tou kraze, alò asire’w ke w’ap ka viv ak rezilta ki gen pou vini an. Mete fen nan yon relasyon se pa la fen du mond, men rete nan yon relasyon ki pa gen respè ladan ka mennen’w nan prizon oubyen anba tè. Pa kite pyès moun vin detwi vi’w.

black-couple-arguing

2 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top