Love & Sex

Fanm deyò pi dous – verite ou mansonj

RELATIONSHIP – Fanm deyò pa kraze relasyon, men pito madanm marye kraze relasyon’l. Twòp konfidans fè madanm marye pa wè reyalite a, ke gason yo vin parèt kòm yon pi bon gason nan zye lòt fi lè yo fin marye. Si tèlman gen fi k’ap chèche yon bon gason pou yo fè vi yo, e yo fatige ak jwèt gason, yon gason marye vin parèt kòm yon meyè solisyon. Si fanm marye sa p’ap fè travay li ebyen relasyon sa tou kraze.

black-couple-eating

Erè madanm marye se viktwa pou fanm deyò. Lè yon gason marye li vin gen plis valè nan sosyete a. Li vin parèt ke li se yon gason ki plis responsab, plis onèt, plis pa pè chay, e kalite sa yo se yon bagay majorite fi ap chèche. Lè yon fi marye ak yon gason se menm jan ou di rès medam yo “M’ jwenn yonn ki bon”. Sa vin fè plis fi vin gen zye sou li, sitou fi ki pran kou, apre kou nan men gason. Lè li rive yon pwen li pral chèche mwayen pou li pran gason sa ki nan men’w lan. Pafwa se madanm marye yo ki lakòz mari yo tonbe anba men fi k’ap chèche yon bon gason. E lè fi sa resi jwenn gason sa li trete’l tan kou yon ti bebe ki fèrent fèt. Jan de sèvis gason sa ap resevwa nan men fanm deyò sa ka fè li bliye chimen pòt kay li.

Mete nan tèt ou lè ou fin marye ak yon gason, li pran plis ke 10 fwa plis pou ou kenbe li. Ou gen pou ou fè anpil, e sibi anpil. Lè yon gason marye sa pa vle di li pa wè lòt fi ki atire’l, men pito li chwazi’w pou kalite’w, sa ou fè pou li, li fye’w, li panse ou p’ap fè li mal, epi jan ou bay tout ou menm a li. E ou menm ki madanm li, li bon pou ou toujou ap fè li sonje ke lakay la pi bon. Jou ou bliye, oubyen ou sispann fè li sonje ke lakay gen yon bagay ki pi bon ke deyò an l’ap kòmanse al frite.

Se ki sa ki fè yon gason kòmanse al nan fi deyò?
Premye bagay pou yon fi mete nan tèt li, aparans jwe anpil jan gason wè’w. Fò ou toujou kenbe imaj jan ou teye an lè gason sa te apwoche’w vin pale ak ou an. Si li te rankontre’w sou entènèt mande li ki imaj li te renmen nan profil ou. Rezon ki fè sa, l’ap ka ede’w balanse ki jan ou vin ye konnye a. Si ou kòmanse lage kò’w apre ou fin marye ak mari’w, ou vin pa fè tèt ou bèl menm jan, ou vin tèlman santi’w konfòtab ou pa ba anyen regle anyen pou ou, ou mete nenpòt vye rad sou ou lè ou lakay lan. Gason sa pral kòmanse poze tèt li kesyon kote moun nan li te fou pou li an. E apre ou fin fè ti moun, laj ap monte sou ou, li vin mande pou ou fè plis pou ka toujou parèt atiran devan zye mari’w. Lè ou nan lari ak mari ou, li bon pou pote atansyon a li. Lè yon lòt fi ap pase ou wè zye li rete kole li sou li, se pa paske fi an jis bèl, men pito jan li abiye an ki atire li. E la ou ka fè lis ki jan li ta renmen madanm li abiye. Si li pa renmen sa fi an gen sou li an, w’ap wè li nan figi li, oubyen si li alèz avèk ou li ka di’w sa.

Gason toujou vle pou madanm li toujou parèt bèl. Fò ou jere kay la byen, fè li santi lè’l antre lakay la, li antre nan wayom li. Karese tèt li, mande li kouman li te pase jounen li, ba li tout atansyon’w. Gason renmen manje, si ou pa tròfò al aprann, ba li bon ti ji pou li bwè lè fin manje, etc… Men lè ou rete nan achte ji nan makèt, al manje nan restoran tout an, al achte manje Chinwa pou li dine, l’ap kòmanse pa wè li tro enpòtan pou li vin manje lakay lan, paske li ka fè sa w’ap fè an tou, pase nan yon restoran, achte 2 twa pla manje, antre nan yon makèt pran 2 katon ji, epi sa ou tande an li manje. La ou menm kòm yon madanm marye ou ta sipoze ront, paske ou pap fè travay ou. Wi l’al travay w’al travay, men fò ou te deja konnen lè ou marye ou vin mete plis chay sou ou, e li menm jan pou gason an tou. Lè ou pa pran travay madanm marye’w tro serye, se pòt ou ouvè pou yon fanm deyò.

Wi se verite fanm deyò ka pi dous
Anpil fi toujou ap di yo p’ap fose gason rete avèk yo, depi yo vle yo mèt ale. Ebyen pandan w’ap di li mèt ale, gen yon fanm deyò ki deja ap fè travay ou. Jis paske li rete nan kay la, sa pa vle di li avèk ou. Li jis ap itilize’w kòm yon sèvant. Ou vin yon fi k’ap okipe pitit li pou li, lave rad li pou li. Li si tèlman pa ansanm avèk ou, li pa menm dòmi sou menm kabann ak ou. Anpil fwa gason pa leve al jwenn fi deyò an, se pou bouch fanmiy, zanmi, sosyete, pastè, pè an ki fè li la. Men si se pou li ou pa egziste, kòm ou se manman pitit li, si ou gen yon tèt fè mal li ka koule li pou ou.

Lè yon fanm konnen yon nèg pa pou li, li ta renmen pran nèg sa, li fè tout sa ki nan liv lan, ak anpil bonis. Gason renmen bouch yo. Fi sa gen pou li mande gason an se ki sa li vle manje, e chak jou se yon jou dimanch. Li pa janm bay nèg sa ji katon, se ji pire oubyen blennde. Lè li fin manje, li gen tan pre pou li vin retire veso sal yo devan li. Apre tout sa li toujou ap mande’l kouman li ye. Se ki sa li ta renmen li fè pou li toujou. Gason pa te menm fin manje, li te gen tan gen yon kote pou li al fè syès, nou ka di kote pou li te ka al rilaks li. Menm pou ti bout nwit lan gason ap ba li an, malgre li pap rete dòmi anpil menm, fi deyò an p’ap kite li dòmi sou yon tèt zorye, yon dra 2 fwa. Kay fi sa toujou santi bon. Depi fi an konnen gason an pral vini, fi sa deja byen abiye, bouch li te gen tan byen rozle. Nèg lan gen pou mande’l eske li pral yon kote, si tèlman li fre.

Fi an ap chouchou gason an, ba li sipriz, fè li kado. Lè yo pral fè lanmou gason an pa bezwen fè twòp, ni mande’l pou li fè sa. Si gason an ta vle fè yon bagay, li p’ap di non, dayè li te deja plis vle fè sa, jis pou li ka satisfè nèg li. Lè gason an pa bò kote’l, li gen pou li pran yon seri de foto sexy pou li voye bay gason an. Li gen pou li jofre gason an nan yon pwen gason an p’ap gen lòt chwa se pou li pase al wè li menm si li pa gen tan. Fi sa te gentan pi renmen pitit gason an ke li. Lè fi sa ap soti a gason sa, li fè tèt vire. Fanm tankou gason ap gade’l, e se frekan yon moun ki pou panse ke nèg sa pa pou li, paske li enpoze’l. Li fè gason an santi ke se sèl li menm ki gason pou li nan mond lan, si tou lè lòt gason bò kote’l. Li fè gason an santi li pa menm wè si yo la. Li trete gason an tankou yon Roi.

Se sa ki fè li pa yon mansonj, men se yon gro verite, ke fanm deyò pi dous. Ou menm ki yon madanm marye ou dwe trete mari’w tankou yon roi. Ou ka gen anpil pou ou fè, men pa neglije kay ou, pa neglije mari’w, e sitou pa janm neglije tèt ou. Toujou mete’w sou men’w, bay mari’w tout sa yon fanm deyò ka ba li, oubyen fè pou li, pou ke lè yon lòt fanm fè li pou li, sa pa etone’l. Fò ou ka trete li tankou yon Wa pou li ka wè’w tankou yon rèn.

Fanm deyò pa kraze relasyon, men pito madanm marye kraze relasyon. Lè ou niro 1, fò ou toujou mete nan tèt ou gen anpil moun ki vle plas ou an. Kenbe yon fanmiy ansanm ta dwe priyorite yon madanm marye. Depi ou pap fè travay ou, yon lòt ap fè li pou, epi sa ou tande a, pi ta pi tris. Ròl yon fanm se jere yon kay, depi li pa fè li, gason pral chèche yon lòt fi ki ka jere li. Pa lage kòz sou travay, sou ti moun, men pi to gade ki jan ou neglijans.

Atansyon a tout gason marye, pa bliye ou gen yon travay pou ou fè tou. Jis paske ou gen yon fanm deyò k’ap ba ou bon lanmou, bon manje, anpil kado, bon jan, sa pa vle di li pi bon ke madanm ou. Lè li vin nimero 1 fi nan vi’w, sa pa vle di l’ap toujou fè menm bagay yo. Pa kite moun pran lespri ou pou ou kite madanm ou, ou konnen tout defo li, tout sa li ka fè’w. Si ou ap kite madanm ou, pa kite se yon lòt fi ki fè ou fè sa, men pito, se desizyon pa ou menm. Pa ki te fanm pou yon lòt fanm.

1 Comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top