Education

Koze ki pa vrè de EJAKILE DEYÒ pou fi an pa ansent (Pulling out)

SEX TALK – Pale de sex nan lang KREYÒL nou an ka parèt trè mal. Pafwa ou k’ap di yon bagay ki ta dwe trè senp, men li parèt trè vilgè. Men nou menm jèn Haitien nou pa ka ki te sa anpeche nou pale de li. Paske sa kapab ede anpil jèn de grosès primatire.

Pregnancy-test

Lè ou ap pale se de sex, chak moun gen yon jan yo wè li. Men tout moun ap chèche yon fason pou jwenn plis sansasyon, plis plezi. Gason gen yon ti trik ki rele “VOYE DEYÒ” an Anglè yo rele sa “PULLING OUT”. Ebyen pandan ke trik sa ka prevante gròsès, men an menm tan tou li k’ap lage’w nan tou. Jis konsidere li konsa, ou pa janm ka trò fò nan jere dife, paske yon ti erè ou fè ou ka boule tèt ou.

Premye Bagay – Pandan ke itilizasyon metòd sa parèt trè efikas pou fi pa ansent, men sa pa vle di ke pa gen aksidan ki rive. Daprè sa yo fè konprann sou chak 100 fi ki patisipe nan trik “VOYE DEYÒ” an, gen 4 ki ansent. Pou gason ki pa vrèman konnen jan pou li fè’l lan, sou chak 100 fi, 27 nan yo arive ansent chak ane. E menm si gason an gen tan voye deyò a lè, yon fi ka toujou arive ansent, paske pre ejakilatwa, ki se dlo klè ki soti nan penis lan pou k’ap netwaye canal kote spèm nan pral pase a, ka gen ase spèmatozoyid la dan, akoz de ejakilasyon ki te fèt avan vin la koz fi an ansent. .

Dezyèm Bagay – Ou k’ap panse “VOYE DEYÒ” de yon bagay ki si senp, men li pa si fasil – si tou pou moun k’ap fè li pou la premyè fwa. Itilize metòd sa pran praktis avèk kominikasyon antre fi an ak gason an. Li toujou bon pou itilize lòt metòd tankou prezèvatif pou anpeche’w pa vin ansent yon ti moun, ou pa te menm pare pou li.

Twazyèm Bagay – Koup ki ansanm ki gen anpil metriz, ki gen eksperyans ak konfyans kapab itilize metòd sa a. Men si yonn nan 3 bagay sa yo manke li vo mye ke ou pa patisipe ladan, e l’ap pi bon pou fi an fè planin. Gason ki itilize metòd sa, fò yo ka konnen lè yo pral ejakile, e pou rale penis yo a lè, pou ke yo pa ejakile andedan fi an. Voye deyò pa pou ti moun, e li pa pou gason ki ejakile primatiman. Yon ti moman tro ta fi an ka ansent.

[su_button url=”http://www.news.anmwe.com/gason-pral-ka-fe-planin-men-jan-ak-fi/” background=”#ef362d” size=”6″ radius=”5″ icon=”icon: arrow-right” text_shadow=”1px 1px 1px #000000″ rel=”Yon nèg peze kou yon fanm li jwenn sou entènèt lan paske li pa rezanble foto pwofil li”]AL LI ATIK SA TOU[/su_button]Gason pral ka fè planin men jan ak fi – Nou p’ap pale de prezèvatif (Male Birth Control)

Katriyèm Bagay – “VOYE DEYÒ” se yon metòd ki pa fin trò bon pou ou pa ansent, malgre yo fè konprann ke 60 pousan koup itilize omwen yon fwa. Se pandan daprè rechèch ki te fèt nan “Guttmacher Institute nan New York” si gason k’ap fè li an, konn sa l’ap fè a 96 pousan fi an p’ap ansent, konpare sa ak lè gason an itilize kapòp gen 98 pousan chans pou fi an pa ansent.

“VOYE DEYÒ” deyò se yon bon metòd pou evite grosès, lè moun k’ap fè li an konn sa l’ap fè a. Men li jis pa fasil pou moun nan fè li toutan a lè. Fè’l toujou pi bon ke ou pa fè li menm, e li prèske efikas ke lè ou itilize kapòt.

Senkyèm bagay – Pre-ejekilatwa (ti dlo klè ki soti nan penis ou avan ou ejakile) pa gen spèmatozoyid lan. Tout gason pre-ejakile, menm si yo konnen, oubyen yo pa konnen. Gen anpil etid ki prouve ke li pa gen spèmatozoyid ladan. Men an’n di yon gason ki te deja ejakile, li prale pou yon dezyèm tou, gen anpil chans pou pre ejakilatwa gen spèm ladan. Se yonn nan rezon si gason an gen pou li al pipi, li ale avan li rekòmanse fè sex ankò, pou pipi an ka desann ak tout rès spèm ki te rete nan kanal penis lan, e li bon tou pou li byen lave penis li.

Sizyèm bagay – “VOYE DEYÒ” pa ka pwoteje’w kont maladi seksyèl yo. Fanm tankou gason – li toujou bon pou nou itilize prezèvatif ke nou rele kapòt lan, pou nou pwoteje tèt nou kont MST (STD), SIDA, etc…

Setyèm Bagay – Pa gen ankenn pou ou fè, pou prepare’w pou metòd “VOYE DEYÒ” a. Sèl sa yon gason dwe fè, si ou te deja fè sex deja, ou pral rekòmanse ankò, li bon pou gason al pipi pou li ka retire tout rès spèm ki rete nan penis gason an, epi fò li byen lave penis lan tou. Si li te ejakile sou kò fi an, li bon pou fi an lave kò li tou.

6 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top