Love & Sex

7 gro erè gason fè nan fè sex

LOVE & SEX – Gen anpil gason ki toujou pran pòz konnen yo, se nan pran pòz konnen yo sa ki fè madanm, mennaj yo kite yo. Se pa tchoukoup, tchoukoup, men pito karese mennaj ou, fè’l antre nan yon mond mèveye. Yonn nan bagay tout moun dwe mete nan tèt ou pa janm fin konnen li bon pou ou ap enfòme’w e aprann, e ou dwè fè sa nan nenpòt bagaynan lavi.

Erè #1 – Kòmanse fè lanmou nan chanm
Premye bagay pou gason mete nan tèt yo, fanm pa menm jan ak gason. Batri gason toujou chaje kan li gen pou wè avèk sex. Men fi an li bezwen pou ou ba li chaj, lè li fin pran chaj fò ou bali yon ti pousad, ponpe gaz lan, avan li ta vle kòmanse vle vin sou sa.

Sa vle di, li bon pou kòmanse ap fè yon seri de bagay depi nan lajounen pou ke lè ou rive nan chanm nan li deja plis pare pou ou. Li bon pou ou ap beze li, kenbe men li, dwèt nan fant dwèt, anbrase li, montre ke ou apresye li, amize nou ansanm, etc… Lè yon fi santi li an sekirite nan yon relasyon sa vin fè li plis alèz avèk ou lè y’ap fè sex. Lè ou anbrase’l pou yon bon ti tan, sa ka mennen yon pakèt bagay espesyal pou ou. Yon akolad ki dire plis ke 30 sekond stimile l’ocytocine, ki se yon hormone fi posede ki kreye [yon] sans de koneksyon avèk konfyans.

Erè #2 – Asime ke ou konnen sa yon fi vle
Ou wè lè ou antre nan yon restoran pou ou al achte yon manje pou mennaj ou toujou mande’l sa li vle, menm si ou konnen sa li renmen sa pa vle di se sa li santi li ta vle manje jodi an. Ebyen li bon pou ou pale ak mennaj ou, mande sa li renmen, sa li vle de sex, ki sa li ta vle eseye. Li bon pou ou toujou kite pòt kominikasyon an ouvè antre nou. Paske fi an ka fè’w panse w’ap fè yon bagay serye, l’ap fè bri, fè alsiyis, vin fè tèt ou gro, fè ou panse ou se yon gro matcho, e pou tan ou jis pa konnen ou se yon gro voryen nan fè lanmou.

Erè #3 – Rete a plan ou genyen an
Pa mete nan tèt ou si’w te fè sa ayè, pou ou toujou kontinye ap fè menm bagay lan chak jou. Yonn nan bagay pou ou konnen, bagay ki fè yon fi sou sa gen pou wè ak jan li santi’l. Lòt bagay pou gason mete nan tèt yo ke lè fi pral gen règ yo, ou byen règ li fini, se lè sa li plis anvi fè sex. Sa vle di nan moman sa ou pa bezwen fè tròp bagay pou ou mete li sou sa. Alò règ yon fi jwe yon pakèt ròl nan vi seksyèl li. Sa depann ki lè li ye nan mwa pou fi an, pwent tete li ka vin pi sansib, fi an ka plis eksite seksyèlman.

Erè #4 – Jis kenbe sex lan fizikman sèlman
Gen yon seri de gason ki sitèlman panse se thoukoup, tchoukoup lan pou yo fè sèlman. Li bon pou ou karese fi an, vini avèk ide ki pou pwolonje tan w’ap fè karese’l lan. Pandan ke gason ka eksite jis de sa yo wè, men fi an imajine anpil pandan y’ap fè sex, pou yo ka eksite tèt yo. Alò ou menm li bon pou lè ou ap fè lanmou ak mennaj ou fè’l antre nan yon mond mèveye. Apre pou li nan travay li, ap kondwi, pou l’ap panse sa ou te fè’l yèswa, pou mouvman yo rete grave nan tèt li, e pou li kanpe ap ri pou tèt li, pou moun panse li fou.

Erè #5 – Panse penetrasyon sèlman pral fè yon fi vini
Pou 80% pou san fi, sèl penetrasyon pa ka fè li vini. Rezon pou sa, majorite pozisyon fi an pran lè li ap fè sex, yo pa stimile klitoris (lang vajen) lan. Gen lòt fason ou ka fè yon vini. Yon fi pi fasil pou li vini lè w’ap ba li sex oral (ti bèf) ke nan penetrasyon. Toujou eseye pran pozisyon pou fi an anlè, e an menm tan li bon tou si ou gen yon vibratè pou ou itilize sou madanm ou. Ou pa bezwen mete nan tèt ou ke fi an p’ap bezwen’w ankò si ou itilize vibratè sou li. Kontak moun nan l’ap bezwen li ka menm. Jis kite penetrasyon an pou ou menm, yon vibratè pou ou itilize sou klitoris lan pa ta dwe yon pwoblèm. Jis mete’w alèz ak madanm ou.

Li dwe devwa yon gason pou madanm li voye chak fwa li fè sex ak li, sa vle di pa nenpòt sitiyasyon fò li vini. Pou ke yon fi jwenn syèl pandan l’ap fè sex, pran tan’w pou ou byen karesel avan ou penetre’l. Toutan yon fi plis eksite seksyèlman avan penetrasyon se plis chans li gen pou li voye.

Erè #6 – Pa sedwi fi an
Fanm renmen pou ou sedwi li. Sediksyon enpòtnan kòm, oubyen pafwa plis enpòtan ke teknik. Li fè’w konnen kouman pou ou mete madanm ou sou sa, oralman, vizyèlman, mantalman. Eske mennaj ou renmen lè ou voye mesaj seksyèl ba li oubyen pale de sex nan telephone ak li. Pase dwèt ou sou lestomak li tou dousman. Ap jwe ak li nan yon bar seksyèlman. Si ou renmen sa ou wè an, fè mennaj ou konnen kouman li parèt trè agreyab devan zye’w.

Erè #7 – Mete tout fokis sou sonnen klòch lan sèlman
Anpil fi bezwen pou ou jwe ak klitoris li pou li ka voye, men li pa si senp ke jan ou panse a. Anpil gason pa konprann anatomi de klitoris lan. Li plis ke yon ti bouton w’ap gade, nerve li distribye nan vulve lan e tout andedan vajen an. Tout se pwen plesantri seksyèl ki esansyèl pou ou eksplore. Ou ka ale epi retounen, potre tròp atansyon a gland yo anlè vulve lan ka retire nan plezi an pou yon seri de fi. Li trè sansib, si ou jwe twòp ak li, li ka vin fè fi an mal.

forplay

25 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top