Relationship

Eske se marye li pa vle marye menm, oubyen se avèk ou li pa vle marye?

Ou menm ki yon fi ki nan yon relasyon pou 3, 4 ane, ou wè zanmi’w, fanmiy, ansyen kondisip lekòl ou tout ap marye, chak 2, 3 mwa gen yon zanmi fi’w ki envite’w nan yon maryaj. W’ap poze tèt ou kesyon se ki entansyon jèn Homme sa ansanm ak ou. Eske l’ap janm mande’w marye oubyen se yon mouvman plase li pral ba ou? Laj ap monte sou ou, e pou jan ou wè l’ap viv la, sanble bagay maryaj la pa nan tèt li menm. Eske se ou ki lakoz, oubyen se marye li p’ap marye menm?

Eske se marye li p’ap marye menm, oubyen se avèk ou li p’ap marye?
Jan pou ou reponn kesyon sa yo, li bon pou ou idantifye yon seri de kle faktè. Premye sa pou ou konnen eske mennaj ou an kont maryaj, kote li pa vle marye ankenn moun menm, oubyen se ou menm li pa vle marye avèk li. Si ou nan yon bon relasyon kote mennaj ou ba ou afeksyon, li la pou ou lè ou nan bezwen, men pou yon rezon li pa vle marye, e li fè’w konnen ke li pa kwè nan maryaj, la ou gen anpil bagay pou ou pale ak li, negosye ak li, e an menmtan wè kouman pou ou jwenn ak li , fè konsesyon, pa mete nan tèt ou se sa ou vle an ki pou fèt men ba li yon seri de avantaj.

Men si li jis chita la li pa janm di ou anyen, l’ap tann yon moun ke li santi ki pi bon ke ou pou li al fè rout li. Li montre’w sa paske ou wè se avantaj l’ap pran de ou, e li refize chita pale ak ou, e li refize tande anyen de sa ou gen pou di, la li bon pou ou poze tèt ou kesyon sa a, se pou ki sa ou vle marye ak yon moun kon sa menm?

Kesyone motivasyon’w
Li enpòtan pou ou poze tèt ou kesyon sa a, se ki sa maryaj sinyifi pou ou, e se pou ki rezon ki fè ou sitèlman anvi marye kon sa. Eske se paske maryaj vle di yon pakèt bagay epi li senbolik? Eske se paske ou se yon kretyen, w’al legliz chak Dimanche, Eske se pou paran’w, Eske se paske laj ap monte sou ou, oubyen se jis paske tout zanmi’w ap marye? Fouye byen fon nan kè’w, epi antre nan santiman’w, eske se nèg sa ou bon jan vle marye avèk li an, epi eske ou kontan nan relasyon sa ou ladan? Chita pou ou tande tèt ou, eseye pou rete onèt ak tèt ou, kalkile konbyen fwa ou ap konplenn an menmtan w’ap plenyen de li menm. Kouri al marye p’ap rezoud pwoblèm ki nan relasyon an, oubyen se yon eskiz oubezwen pou ou ka al byen fete ak fanmiy, zanmi ou, pou montre yo ke ou marye. Maryaj se yon gro e yon long kontra ou pran. Gen anpil chans pou ou menm ak moun sa pou 40 tan, li bon pou ou marye avèk yon bon entansyon.

Konfronte’l
Kan ou reyalize nèg sa se li menm ki nèg ou an, li renmen’w, relasyon an ap byen mache, epi li sipòte’w nan tout sa w’ap fè. La li enpòtan pou ou konnen pou ki rezon ki fè l’ap pran tan’l pou li mande’w marye. Li bon pou ou konnen pou ki rezon ki fè li pa kwè nan maryaj kon sa. Li ka yon rezon ki trè senp, li ka se paske paran li te divòse, oubyen kèk bagay li te wè ki te pase yon moun ki te marye. Oubyen li jis pa vle marye paske li pa ta renmen divòse, li ka pa vle marye se paske li wè gen yon pakèt gason ki pedi tout sa yo travay pou li apre yon divòs. Kontinye pale ak li, pou ou ka konnen ki sa ki te make’l nan vi’l ki fè li pa kwè nan maryaj, se ki sa ki fè li pè.

Pran tan’w
Gason ak maryaj pa chita sou menm ban. Li pran tan pou gason an santi’l konfòtab ak mo maryaj lan. Yonn nan rezon ki fè sa se paske yo santi yo pral angaje tèt yo nan yon bagay yo pa fin konnen fiti’l. Alò li bon pou ou pran tan’w lè ou ap aproche yon gason sou afè maryaj. Pa ba’l sipriz kote ou gen tan gen dat maryaj ou, ou gen tan gen legliz pou maryaj la fèt, ou menm gen tan gen moun ki pou fè manje yo. Bagay kon sa ka fè yon gason pete kouri. Li bon pou ou pran anpil prekosyon, epi pran etap yo gradyèlman. Pale de sa pou yon bon ti tan epi aksepte pou nou viv ak sa nou diskite yo, petèt apre 2 oubyen 3 semèn nou ka retounen pale ankò sou jan nou santi nou de sa nou te diskite avan.

Iltimatòm, se swa nou marye oubyen nou kite
Presyon maryaj, gason pa jere sa tro byen. Sa ka kraze yon relasyon nan yon segond. Pa al di mennaj ou se swa ou marye avèk mwen, oubyen nou kite. La ou san lè pa janm ka jwenn yon repons. E si ou renmen gason an, e li se yon bon nèg, si ou pa ta renmen pèdi’l, pa bal presyon kon sa. L’ap pi bon pou nou travay sou sa nou ka travay sou yo konnye a. Wè si nou te ka konpromi sou sa ki pi difisil yo. Si nou pa ka dakò sou yon seri de bagay li vo mye nou kite yo, n’a pale sou yo yon lòt lè, kote nou tou lè 2 retounen nan bon sans nou. Si apre plizyè semèn oubyen plizyè mwa pa gen anyen ki chanje, la ou ka mete pye’w atè, jis asire’w ou konnne ekzakteman ki sa ou pral di li.

Jis chita ap gade revèy lan
Gen de fi ki jis kenbe silans yo. Yo jis espere mennaj yo vin poze yo kesyon an yo sèl yo, “Eske ou vle marye avèk mwen”. Ebyen se yonn nan pi gro erè yon fi ka fè. Pa rete ap soufri sanke ou pa di anyen. Paske fistrasyon pral monte ou, epi sa pral pote plis pwobèm pou ou. Ou pral fache ak moun nan pou san rezon, e lè ou ap fache an ou p’ap gen rezon. Sa ka vin kreye yon diskisyon, epi sa ou tande a menm goumen ka pete, e sèl sa ou te bezwen di moun nan, pou ki sa ou pa janm mande mwen pou’m maye avèk ou.

Fè’l panse se ide pa’l
Anpil gason pa renmen pou fi ap anmède yo pou mande yo marye. Yo plis wè yo mete yon je nou atè, epi mande mennaj yo si yo vle mareye ak yo, kote yo pran mennaj yo totalman pa sipriz. Mèyè fason pou ou arive fè sa, se fè li panse se li menm ki vle marye, kote ou jis plante ide a nan tèt li, epi kite li grandi. Sa kòmanse pa ou menm ki mete’w trè atantif, ou ouvè yon seri de konvèsasyon san ke ou pa ba li iltimatòm, e ou pa ni pran yon pozisyon ofansiv oubyen agresiv ki pafwa rive lè nou santi nou blese.
Pa ekzanp ou ka di’l, “Si nou t’ap marye se ki jan ou ta renmen li fèt”, apre sa l’ap di ou, epi w’ap di li, “fantastik!, mèveye! gade yon bèl ide”. Se sa ou rele ranfòsman pozitif lan. Fè li di’w jan li ta renmen maryaj li fèt, epi ba li bèl konpliman pou sa li di an. Konnye la se ide pa’l ki pase. E li pale san ke ou pa ba li iltimatòm. La ou deja fè li konnen ou pre pou ou marye ak li.

marriage-proposal

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top