Beauty

9 bagay gason Haitien pa renmen lè fanm gen sou yo

Si’w se yon Haitienne 90% pou san, se avèk yon Haitien w’ap marye. Atire yon bon gason Haitien gen anpil pou wè ak sa ou mete sou ou, e jan ou konpòte’w. Yonn nan bagay ou dwe konnen gason Haitien toujou pre pou jije, e yo pa bezwen konnen anyen de ou pou yo gen tan ba ou pote yon move non. Toutan ou parèt pi senp yo plis konsidere’w kòm yon moun serye.

1- Tatou.
Lè yon gason Haitien remake yon fi gen tatou sou li, li gen tan mete nan tèt li, fi sa se yon fi ki lage. Se yon fi ki nan move zafè. Se yon fi k’ap kouri la ri a. Plis tatou yon gason Haitien wè sou yon fi, se plis li panse, fi sa pa bon.

2- Zanno nan lang
Lè yon fi gen zanno nan lang li, nenpòt gason gen tan panse, fi sa pre pou li fè nenpòt bagay seksyèlman. Gason an gen tan mete nan tèt li, fi sa se rèn fè Oral Sex (ti bèf) li ye. Gason Haitien ale pi lwen toujou, yo gen tan mete nan tèt yo fi sa pa ka yon bon fi, paske li gen zanno nan lang li. Li se yon fi ki pa tro sosyab, e anpil fwa si li renmen fi an, e yo kòmanse pale, l’ap mande fi an pou li retire zanno sa ki nan lang li an. Paske li p’ap vle zanmi’l konnen ke mennaj li gen zanno nan lang li. Yon fi ak zanno nan lang li, li fè gason an poze tèt li yon pakèt kesyon, se konbyen nèg fi sa fè ti bèf pou li, eske yo ka pran lang ak yon fi kon sa a, etc…

3- Fo cheve, fo plim zye
Malgre se la grand mòd pou fi mete fo cheve, men majorite gason Haitien pa renmen madanm yo gen fo cheve. Yo renmen pou madanm yo rete ak cheve natirèl yo. Pou yo menm, lè fi an gen cheve natirèl li nan tèt li, li parèt pi bèl, plis sedwizant, e anplis li ka kanpe devan zanmi’l pou li di se pa fo cheve ki fè madanm li bèl. Fanm ki gen cheve koulè, tankou rouj, oranj, jòn, gason Haitien gen tan mete nan tèt li ke fanm sa pa gen travay, li gen plizyè papa pitit, se leta, ak lajan child support sèlman l’ap kolekte.

Fo plim zye a se yon pwoblèm, pou gason Haitien an lè fi an gen fo plim zye an, li vle bay entansyon ke fi sa pa yon fi reyèl. Si menm plim zye li fo, se ki lòt bagay nan li ki fo ankò. E gen anpil fi ki mete fo plim zye sa yo, yo sanble ak yon gason makiye.

4- Fo zye
Yon fi ka mete kontak nan zye li, men gen yon seri koulè kontak nan zye yon fi, depi l’ap parèt li gen tan di’w, sa se yon fanm k’ap chèche, se yon bwasè, li gen plizyè idantite, pawòl nan bouch li pa fouti gen verite ladan, etc… Ou pa ka yon fanm nwa pou ou gen yon kontak ble nan zye’w, gri, yon maron vif, depi ou parèt tout moun deja konnen koulè zye’w pa natirèl. Malgre gen anpil fi nwa ki gen lòt koulè zye ou pa jwenn souvan, men depi gason Haitien an wè’l, l’ap jije li mal. Apre li vin konnen ke se zye natirèl fi an, li p’ap gen pwoblèm ak sa.

5- Makiyaj
Tou fi makiye, men se ki jan li makiye. Gason Haitien pa gen pwoblèm ak yon ti fa, yon ti kreyon anba zye, etc… men yo gen pwoblèm ak fi ki mete twòp makiyaj nan figi yo. Yo mete nan tèt yo ke fi sa figi li gen anpil tach, figi li grizonnen. Fi sa gen yon bagay l’ap kache, e se paske li pa trò bèl ki fè li mete tout makiyaj sa nan figi li.

6- Chèn nan pye, bag nan zòtèy
Depi yon gason Haitien wè yon fi ak chèn nan pye’l, li mete nan tèt li fi sa se yon yon madivinèz, yon fi ki gen pye lejè, zye toupatou. Malgre gen anpil fi ki mete li jis pou bèlte. Malgre ou pa sitèlman wè fi ak bag nan zòtèy yo, men lè yo wè yonn, yo mete nan tèt yo ke fi sa se yon madivinèz li ye tou.

7- Anpil zanno nan zòrèy
Yon fi ki gen yon pakèt zanno nan zòrèy li, pou gason Haitien an, fi sa tou senpleman se yon limenna, yon bwasè, se yon fi k’ap lave anpil boutèy.

8- Dan lò
Yon fi ki gen dan lò nan bouch li, pou gason Haitien an, li se yon tig. Fi sa pa nan pa ka nan patirj yo. E yo p’ap pèdi tan yo al pale ak fi sa a.

9- Fi ki taye cheve yo tankou gason
Pandan ke gen anpil fi ki koupe cheve yo jis pou stil, men nan moman jounen jodi a, gason Haitien pa fin pran’l si senp kon sa. Pou yo menm fi sa se yon flannè femèl, li renmen fanm parèy li, e manmzèl ap jwe yon ròl gason.

Toutan yon fi parèt pi senp nan zye gason Haitien, se lè sa yo konsidere’l kòm yon moun plis serye. 9 ekzanp sa yo pa vle di ke tout gason Haitien panse kon sa, e ou ka jwenn diferan opinion, men ou menm yon fi ki ta vle jwenn yon bon moun pou ou fè vi’w jis fè atansyon ki stil ou pran, ki sa ou mete sou ou. Kominote Haitienne nou an toujou pre pou pase jijman, e ou pa bezwen fè anpil pou yo ba ou non pote. E anplis jis paske mennaj ou pa gen pwoblèm ak sa ou mete sou ou an, sa pa vle di fanmiy li p’ap di anyen de sa. Wi ou p’ap viv moun men aparans se yon pakèt bagay li ye, lè w’ap antre nan fanmiy yon moun. Si yo renmen’w depi an lagan gen anpil chans pou yo kontinye renmen’w, men si yo pa renmen’w l’ap trè difisil pou yo vin renmen’w.

Tattoos-On-Dark-Skin

23 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top