Beauty

Yon jèn fi an Afrik tattoo zansiv li, pou li ka gen zansiv vyolèt (Video)

Zansiv vyolèt se yonn nan bagay ke anpil gason Haitien trouve trè atiran. E li fè pati nan lis bagay Haitien konsidere kòm bote, nan yon fi. Ebyen se pa sèl Haitien ki konsidere sa kòm yon bèlte. An Senegal anpil jèn ki gen zansiv roz, itilize pwosès tatou an pou yo ka gen zansiv nwa. Jèn fi ki nan video an fè konnen li p’ap janm di yon moun al fè li, paske li fè mal anpil, men dam nan ki t’ap nwasi zansiv jèn fi di pwosès lan merite’l. Eske ou menm ki gen zansiv roz wè se yon bon ide pou ou tatou li nwa? Fè yon kòmantè

[su_youtube url=”http://youtu.be/KD50PQE_OeI” autoplay=”yes”]

Rezon ki fè sa li, li panse ke lè yon fi gen zansiv vyolèt li atire plis gason, li gen pi bèl souri, epi dan li parèt pi blan. Daprè sa li di an kenn fi nwa pa ta dwe gen zansiv yo roz.

blacking-gum

2 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top