Love & Sex

12 rezon ki fè madanm ou al nan bra yon lòt gason

RELATIONSHIP, LOVE, SEX – Lè ou gen yon fi nan men’w ou pa ba li enpòtans li merite a, se pouse w’ap pouse li. E anpil fwa lè ou reyalize sa, se lè pakèt li fin ranje pou’l ale. Nou menm gason anpil fwa nou pa janm bay fi ki soufri pou nou an valè li merite an, se lè’l ale se lè sa nou wè sa nou pedi. Bay madanm antansyon li merite an, e toujou ba li play premye li okipe an. Jou ou pa fè’l santi se li ki an premye an, sa ase pou li tonbre nan bra yon lòt gason.

1- Ou fin genyen fi an ou bay kò’w vag
Konnye a ou fin gen fi an, ou pa wè rezon pou ou kontinye ap enpresyone’l. Menm jan ou vle pou madanm ou toujou kenbe kò’l se menm jan fi an vle pou nennaj li rete fre tou. Pandan ke fi an jalou anpil, men li renmen lè zanmi’l ap di’l kouman mennaj pa li an toujou fre, konn abiye. Si ou jèn ti gason ou kòmanse ap blanchi, pa gen anyen ki move si ou nwasi, lè sa w’ap parèt jèn. Paske se pa tout fi ki renmen pou mari’l plen bab blanch ak cheve blanch. Lè w’ap soti si rad lan parèt chifonnen pase yon ti fè arepase sou li, achte ti pafen pou ou ka santi bon, etc… Fi renmen bagay ki bèl, santi bon ba madanm ou anvi pou li kanpe bò kote’w. Yonn nan bagay pou ou mete nan tèt ou, fi an toujou fokis sou detay, sa ou pa ba li enpòtans lan li te gen tan wè li.

2- Ou bay manman ou ak fanmiy ou plis enpòtans ke li
Wi se manman’w ki ba ou lavi, se li menm ki bay syè li pou ou, men se te devwa li, e li konnen lè ou te vin gran ou gen pou te kite li pou al jwenn madanm ou, e pou al fè vi pa ou. Pa gen anyen ki move si ou renmen fanmiy ou, la pou manman ou, men lè tout bagay se manman’w, se fanmiy, ou fè fi an santi’l ke li nan konpetisyon ak fanmiy ou. Fi an pa bezwen anpil pou li kòmanse fè jalouzi, li la l’ap konplenn ki jan ou pa montre’l ke li enpòtan, ou menm toujou pre pou ou ap di se manman’w ki mete’w sou tè a, fanmiy ou te la avan li, men li deja konnen sa, se jis l’ap di’w mete li nan menm otè ak yo, ba li enpòtans ke ou ba yo an, e ou ta dwe mete li an premye nan tout sa ou w’ap fè. Pandan ke relasyon’w ak madanm ou ap de grengole, fanmiy ou menm ap viv ak mari, madanm yo. Alò mesye pa kite fanmiy ou vin yon pwoblèm pou madanm ou. Ba yo limit yo.

3- Ou wè bote tout lòt fi men ou pa janm ka wè pa madanm ou
Si pou bèl fi w’ap toujou wè lòt fi ki bèl, e madanm ou konnen plen lòt fi ki pi bèl ke li. Men li vin yon pwoblèm pou li se lè ou wè tout lòt fi bèl, menm sa nan zye’l ki pa ta dwe menm nan konparezon ak li, paske li santi li pi bèl fanm ke yo, ou toujou pre pou ou di kouman fanm sa bèl, e tandiske li la anba zye’w lan sa pa janm soti nan bouch ou pou ba li menm yon ti konpliman. Li pran tan’l pou li fè li bèl pou ou, fè cheve’l, sousi, li menm fè sa lòt fi yo fè ke ou trouve ki bèl lan, men lè se li ki fè yo ou pa menm wè sa a, angi ou ba li konpliman, se joure w’ap joure’l, mande’l ki tenten li fè nan figi li la, ki jan de rad li mete la, e ou pa menm reyalize se menm sa ou te wè bèl sou lòt medam yo, se yo li gen sou li.

Mesye bay madanm ou konpliman, di li kouman li bèl devan zye’w, di li kouman li fè rad sa byen, di li kouman fès li byen kanpe nan pantalon an, epi ba li yon ti tap sou li, fè li konnen ou wè’l, lè li fin makiye ak fa li nan bouch li beze li, se yon fason pou ou di li kouman tèt bouch li atire’w kouman ou santi’l ou ta manje’l, souse’l. Fi an plis vle tande’l nan bouch ou, kouman ou wè li bèl, lè tout moun ap di kouman li bèl e ou pa janm di li sa, sa fè’l santi ou pa renmen li, ou pa gen santiman pou li. Bay madanm nou konpliman pou menm zong li fin fè, di li kouman dwèt li bèl, se yon fason pou fè li konnen ke ou toujou enterese a li.

4- Ou jis pa ka kanpe
Lè ou rive nan ka sa ou mèt konnen chen pral manje’w. Lè yon fi di li pre pou li fè Sèx epi pou toto di li pap kanpe, menm si madanm ou di’w cheri pa bay tèt ou pwoblèm, ebyen ou mèt konnen ou mèt al lakay doktè, pran remèd, mande zanmi’w se ki jan pou ou regle pwoblèm sa. Paske lè yon fi di li sou sa, pou ou pa ka desann dife li, la ou nan pwoblèm, e ou mèt bon jan panike. Li ka pran’l 2, 3, 4 fwa nan men’w, men sou senkyèm fwa ou mèt konnen li pral chèche jwenn yonn kote pou li satisfè tèt li tou. Li enpòtan pou yon gason toujou mete’l pre a sèvis madanm li, depi ou pa ka ba li sèvis, gen yon moun ki pral oblije fè sèvis lan pou ou.

5- Ou parese
Gason parese pa ka gen fanm. Jis panse, malgre yon gason leve chak jou al travay, peye Bill kay, okipe ti moun, fi an jwenn pou li di’l kouman li pa vo anyen, ou menm yon gason ki parese, ou gen pou pran anpil brimad anba men fi sa. Yonn nan bagay, ou menm gason sa p’ap ka pale ak fi sa, dayè se li menm k’ap ba ou. Lè fi an bezwen yon bagay ou pa ka ba li’l. Fèt li rive, anivèsè maryaj li rive, ou jis kanpe ap gade li, menm yon branch flè $5 dola ou pa ka bali. Ou si tèlman parese, madanm ou pa gentan ranje kabann nan nou te kouche an paske ou t’ap dòmi sou li, lè’l te rive pou l’al travay, lè li retounen lakay la li jwenn kabann lan tou degaye. Ou fè tout jounen an lakay la, li sot travay se lè li antre w’ap di’l ou grangou, tandiske se ou menm ki ta dwe kite yon bagay pou li manje. Fi renmen gason k’ap antreprann anpil bagay, k’ap fè mouvman ak kò li, gason ki gen motivasyon ak anbisyon. Si ou pa vle fè yon bagay ki pou ede tèt ou, li p’ap pran anpil tan pou fi an santi ke li pa gen plas li la.

6- Ou gen tèt di
Ou se yon moun ki pa tande, pa gen moun ki ka fè ou wè rezon. Depi ou mete yon bagay nan tèt ou, pa gen moun ki ka chanje’l. Pawòl madanm ou pa enpòtan pou ou. Lè li di ou yon bagay ou pa ba li enpòtans. Ou pa konnen ki lè pou bay legen lè gen yon diskisyon. Se ou menm ki pou gen rezon. Yonn nan bagay ki enpòtan nan relasyon se kominikasyon, depi yon koup pa ka kominike antre yo, ou mèt konnen yo nan rout pou destriksyon. Fi renmen lè yo gen yon moun ki koute sa yo gen pou yo di, e ki chèche konprann yo. Sa pa vle di ou dwe dakò ak tout sa madanm ou di, men depi li fè sans, li bon pou ou aplike sa li di an. Si ou pa gen tan pou ou tande li, ou pa vle konprann li, li pral chèche yon moun ki ka konprann li, ki ka tande’l. Mesye koute sa madanm nou gen pou di, si sa li di an fè sans, mete li an aplikasyon, sa ap fè li konnen ke ou bay sa’l di valè.

7- W’ap tronpe’l
Yonn nan bagay gason pa reyalize, madanm yo gen yon santiman tou, menm jan ak yo. Tout fi ap rete tann pou menm jan yo rete fidèl a mari yo, pou mari yo rete fidèl menm jan tou. Men akoz anpil gason pa panse ak mwèl tèt yo, yo plis kite penis yo panse pou yo, yo abize konfyans medam yo. Lè yon fi aprann ke mari li tronpe’l, fi sa gen anpil a panse, malgre sa li gen kouraj pou li padone gason an, men anpil fwa aksyon sa kontinye repete, e repete ankò anplizyè repriz, apre fi sa pase anpil nwit blanch, anpil tèt zorye lave ak dlo zye yo, fi sa vin ap chèche yon kote ki pou konfòte’l. Anpil fwa fi an pa ale nan bra yon lòt gason pou li tire revanj men pito se paske li vle jwenn yon sans de sekirite, yon moun ki ka seche dlo sa k’ap koule nan zye li an, yon moun ki ka di li ou vo pli ke sa a, yon moun ki ka debarase’l de panse sa yo k’ap manje kè li an.

8- W’ap plede akize’l
Yonn nan bagay tout moun pa renmen, se di l’ap fè yon bagay, ke li konnen ke li inosan de sa. Pa kite ensekirite’w fè’w ap plde akize madanm ou. Si ou pa gen prèv li vo mye ou pa di anyen. Akize li an p’ap ede relasyon’w lan, e li gen plis chans pou fi sa vin plis mete’l pi lwen de ou. Ou vin mete’l nan yon sitiyasyon kote li pa menm vle ale nan mache, paske li konnen lè li retounen se jouman li pral pran nan men’w. Si ou rele li, li pa gen tan pran telephone nan ou gen tan di se paske li te ansanm ak yon moun. Ou vin anpeche moun sa viv, paske chak jou li gen pou l’ap defann li, ou vin fè li pè ou. Paske li deja konnen yon jou, si ou pa sispan ou pral kòmanse leve men sou li. Mete konfyans nan madanm ou, menm si ou ta sispèk yon bagay pa nòmal, pa kouri antre nan konklizyon l’ap fè yon bagay mal, rete swiv jis kaske ou gen ase prèv nan men’w pou konfronte li. Men sispan akize li, si li p’ap fè yon bagay w’ap di l’ap fè li, gen anpil chan pou l’al fè li.

9- Vyolans
Yonn nan bagay tout gason dwe mete nan tèt li, fi an se yon gran moun li ye tou, ou pa gen dwa leve men sou li. Depi yon relasyon gen vyolans ladan ou mèt konnen nou 2 moun sa yo pa gen rezon pou nou rete ansanm. Yon bagay fi a dwe konnen si li leve men sou ou yon fwa ou mèt konnen l’ap leve men sou ou ankò, e li pa sispann. Si ou pa gen tan mete tèt ou deyò, se swa li tiye’w, oubyen li domaje’w, kote ou pa vo tèt ou anyen ankò.

10- Jouman
Ou menm gason ki gen madanm ou, ou gen yon seri de mo sal w’ap itilize pou dekri madanm ou, ou mèt konnen ou vyole tout lwa ki ekziste nan relasyon fi ak gason. Yonn nan bagay pou ni fi, ni gason mete nan tèt yo jouman se yon fòm de abi li ye. Men sa ki dwòl se yon seri gason ki chwazi pou yo joure madanm yo nan dèyè sèlman epi an aswè yo vle pou fi an ba yo sex. Lè ou menm ki gason fè sa, se yon fason ou di fi an ou pa bezwen li ankò. E lè ou fin joure yon fi, mo sa yo rete enkane nan tèt li, se nòmal pou li pa vle fè sex avèk ou ankò. San li vin pa mache pou ou. Fi sa vin pa gen lòt chwa se pou l’al nan bra yon lòt gason.

11- Trete madanm ou tankou yon bòn
Gason Haitien gen sa pou defo, depi yo gen yon fi yo ansanm ak li, yo mete nan tèt yo fi sa la, pou li netwaye kay, fè manje, fè lesiv, okipe ti moun, epi ba yo sex. Men sa nèg sa pa mete nan tèt li ke fi sa bezwen pou tèt pa li tou. E se pa chak jou pou fi an nan monte chodyè, li pa fwa tou pou ou pran madanm ou, al manje nan restoran tou. Gason Haitien toujou pre pou yo fè yon jèn fi tounen yon ti manmi, nan sèl okipe kay. Bay madanm ou tan pou li ka pran swen kò’l tou. Pran madanm ou, al nan vakans ak li, al sinema, mennen li al danse, ba li plezi, al nan plaj, fè li santi’l enpòtan.

12- Zanmi’w gen plis enpòtans ke li
Ou toujou gen tan pou ou menm ak zanmi’w, lè li mande’w pou ou pase tan ak li, se joure ou joure li. Li mande’w pou ou soti ak li, ou di li pou ki sa li pa soti ak zanmi’l pito. Men fò ou konnen se ou menm ki mari’l, pa fwa li jis vle pou li pase yon ti tan avèk ou. E se la ou pral pedi madanm ou, lòt zanmi fi sa yo toujou gen mennaj yo ansanm avèk yo, se sèl mennaj pa li an ki toujou kite li sèl. E yonn nan bagay gason pa reyalize, fi toujou nan konpetisyon ak zanmi yo, yonn nan rezon ki fè sa fi renmen pale, depi yo wè yon bagay yo p’ap kenbe’l pou kont yo.

Ou vin fè madanm ou pa gen rezon devan zanmi li, paske ou pa ba li respè li merite. E menm zanmi sa yo w’ap di pou li soti ak li an, se yo menm ki pral mete move ide nan tèt li. Se yo menm ki pral di ou pa renmen li vre, se yo menm ki pral mennen yon lòt ti jèn jan pou li, lè y’ap soti. Depi ou pa gen tan pou madanm ou, gen yon lòt jèn ti bray ki pral kouvri pou ou. E gen anpil chans pou madanm tonbe pou ou li, e lè w’ap reyalize sa l’ap gen tan tro ta pou ou.

reasonswomencheat

25 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top