Love & Sex

Depi fi an di NON se NON, pa di se kapris l’ap fè

SEX – Gason Haitien toujou ap di ke lè yon fi di’w non se wi li vle di’w. Se kapris l’ap fè pou li demontre’w ke li pa fasil. Men sa li pa reyalize lè yon fi di non, epi li fòse kò’l sou fi an seksyèlman, sa se yon vyòl li ye. Li te mèt madanm ou, depi li di’w non, ou dwe kanpe fè tout sa ou t’ap fè an.

Gen anpil fi ki sibi de jan de aksyon sa yo. Fi an posede kò’l, li gen dwa pou li di’w si li vle sex, ou byen si li pa vle. Yon gason pa dwe panse se li menm ki pou di si fi an vle fè sex. Pou gason k’ap viv Ozetazini, yon fi ka mennen’w nan leta si apre li di’w non ou kontinye avèk aksyon seksyèl ou sou li. Ou te mèt nan lin de myèl ak madanm ou, w’ap fè sex ak li, li di’w pou kanpe, depi ou pa kanpe sa se yon vyòl li ye.

Fi an se yon moun menm jan ak ou li ye, se pa tout lè l’ap sou fè sex, menm ou menm ki gason se pa tout lè ou sou fè sèx. Fi an ka fatige, li ka santi li pa byen, li gen dwa chanje lide’l a nenpòt lè. Ou menm ki gason an pa mete nan tèt ou se kapris l’ap fè, men pito li gen yon pwoblèm, oubyen li pa santi’l de ka fè sex nan moman konnye a. Chèche sa ki fè li pa alèz, se ki sa ki fè li pa vle sex ak ou. Men fòse kò’w sou li se yon krim kont fi sa.

Si li te chanm nan ak ou, li vle soti, ou dwe kite li soti san pwoblèm. Anpil jèn gason fè erè sa kote yo bare pòt lan, yo pa vle kite fi an soti. Ozetazini depi ou anpeche yon moun kite yon chanm, yon kay, yon apatman, yon machin, etc…, sa rele Kidnapping. Menm ou menm ki gason an si w’ap soti madanm ou di ou p’ap soti, li bloke pòt lan, sa rele kidnapping. Ou ka nan yon pakèt pwoblèm, mete vye bagay nan dosye’w jis pou yon senp ti bagay ou fè, kote ou pa te gen ankenn lide mal. Fè atansyon’w avèk aksyon w’ap pran, paske sa depann de kote w’ap viv lan li ka ilegal.

Men malgre tout sa, bagay sa yo pa bezwen gen pou wè ki kote w’ap viv, menm si w’ap viv Haiti, Canada, France, USA, etc… li bon pou respekte moun. Vyole volonte yon moun se krim inhumain. Pèsòn pa gen dwa pou vyole kò yon moun. Mete nan tèt ou kòm gason, apre ou di yon moun non pou yon bagay ke ou pa vle fè avèk kò ou, pou moun sa fòse kò li sou ou, se kouman ou t’ap santi’w. Ou mèt kò’w ou di non, pou moun nan arive fè’l kan menm.

Mesaj la senp, e se yon sèl mo li ye “NON”, Mesye respekte mennaj nou, madanm nou. Se yo ki mèt kò yo, e se yo ki pou ba ou pèmisyon pou ou antre nan nenpòt aksyon avèk yo. Yon lòt fwa ankò menm madanm ou ki di’w non ke li pa vle fè sex nan moman ou fòse kò’w sou li, se vyole ou vyole li.

vyolasyon-fanm

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top