Lifestyle

14 Siyn ke nèg sa gen pou li bat ou

RELATIONSHIP – Lanmou pa dwe fè mal, depi li gen doulè ak pèrèz ladan li pa lanmou ankò. Yon gason pa jis leve yon bon jou ke li pral bat ou, nan aksyon’l nan sa l’ap di’w, li deja fè’w konnen li pral fè’w sa trè byento. Pa kite se lè li fin kraze zo figi’w pou ou wè li lè pou ou kite relasyon sa a, men pito gen tan pran devan bay jete an.

1- Li ensekirite
Yonn nan bagay tout fi dwe konnen ke yon gason ki renmen’w pa bezwen konnen tout kote ou ye, pa bezwen avèk ou 24 sou 24, pa bezwen al nan travay ou chak jou, pa bezwen konnen ak ki moun ou ap pale tout tan. Depi li kòmanse kon sa ou mèt konnen nèg sa pral yon pwoblèm pou ou. Si ou aksepte sa depi o kòmansman lè li vin pa ka jwenn ou yon jou li pral kòmanse akize’w ke w’ap fè yon bagay mal. Wi se bèl bagay lè yon fi gen yon nèg k’ap ba li atansyon’l, men tròp atansyon se yon malè k’ap ret tann pou rive.

2- L’ap detache’w ak zanmi’w, fanmiy ou
Wi sa ka rive kote gason an kòmanse ap detache’w ak yon seri de zanmi, men lè gason an jis pa vle pou ou pale avèk ankenn moun, e lè ou mande’l pou ki rezon, li pa ka di’w pouki sa, la se yon pwoblèm. Menm manman’w sè’w, frè’w, kouzin ou, zanmi danfans ou, l’ap limite’w avèk yo, ou mèt konnen li gen yon plan pou ou. Lè ou pale avèk yo sa enève’l, ou mèt bay jete an paske vyolans lan pa two lwen.

3- Li santi’w ou twò bèl fanm
Ou gen yon gason ki santi bote’w se yon pwoblèm, paske sa koz lòt gason gade’w. Ou pa ka mete nenpòt rad fò li aprouve li avan, ou pa ka al fè cheve’w, ou pa ka mete makiyaj, depi w’ap soti ou fè ou fre li gen tan ap di’w se kay yon lòt gason ou prale. Li gen pwoblèm si yon lòt gason gade’w. Si yon gason gade’w li ansanm avèk ou, li gen fache avèk ou, pou li, li santi se ou ki atire moun gade’w. Fanm kon gason pa ka ba ou konpliman devan li. Sa se yon gro maladi li ye, e li p’ap chanje, e gen yon lè l’ap fè ou ront nan piblik, e li ka menm leve men sou, e si li pa fè li jodi l’ap fè li demen ka menm.

4- Li toujou ap menase’w
Pa janm pran sa lejè lè yon gason ap menase’w. Depi l’ap di’l ou mèt konnen li gen sa nan tèt li, se jis okazyon an ki poko rive.

5- Li gen gro kòlè
Gason ki pa ka kontrole kòlè li, p’ap rete tro lontan pou li kòmanse tire kou sou ou. Lè li fache ak ou, se swa l’ap graze bagay, l’ap frape miray kay la, tout siyn agresyon sa yo, se avètisman kou pa ou ap vini.

6- Fè jalouzi pou nenpòt ti bagay
Lè yon nèg trò jalou sa pa vle di se renmen’w li renmen’w, men li plis konsidere’w kòm pwopriyete’l. Pou li menm ou se pou li, depi li wè yon moun yon jan tro pre’w, li gentan gen pwoblèm ak ou. E l’ap gen pwoblèm avèk ou, pou nenpòt moun ke ou pwòch ansanm ak li, fi oubyen gason. Ou pral kòmanse nan kache pou ou pale avèk pwòp fanmiy ou. E lè nèg sa dekouvri ke ou nan pale ak fanmiy ou, zanmi’w ou mèt mete nan tèt ou li ka atake’w.

7- Li maledve
Ou gen yon gason li pa gen kontwòl avèk bouch li, li pa bezwen konnen kote li ye, fò’l voye pye. Li pa bezwen si gen moun la, si pa gen moun la pou li di’w nenpòt bagay. Ou mèt mete’w byen ba devan’l se monte l’ap monte.

8- Li gen tèt di
Sa li di se sa, ou pa ka fè li wè ankenn rezon. Depi ou ouvè bouch ou pou ou di yon bagay se yon rèl li fè dèyè’w.

9- Ou santi lakay ou se yon prizon
Lè ou nan lari kè ou kontan, depi ou pral antre lakay ou ou te deja toumante. Depi ou antre se yon pale anpil. Lè ou antre ou pa konnen si pou ou salye li, si pou ou jis antre nan chanm nan. Ou pa janm vle menm kote ak li andedan kay la. Lè li nan salon an ou nan chanm, lè li nan chanm nan ou nan salon an.

10- Li vle pou ou obeyi’l
Lè l’ap pale avèk ou li trete’w tankou se yon ti moun. Pafwa li fòw sonje papa’w jan l’ap di pou ou fè yon seri de bagay.

11- Ou pa ka di li ou fatige, na fè’l demen
Lè l’ap fè sex, tout sa li di’w pou fè, li vle ou fè yo. Li pa bezwen konnen si ou fatige, si ou malad, ou pa ka di li anyen. Pafwa li parèt trè vyolan ansanm ak ou lè n’ap fè sex.

12- Li damou vit
Lè ou wè yon gason tonbe amoure de ou rapid, fò ou fè anpil atansyon ak sa. L’ap fè ou konnen ou se sèl fanm sou latè, li pa wè lòt fanm devan’l, men pandan ke se rèv tout fanm pou yo gen yon gason kon sa, men lè yon gason ap di’w tout bagay kon sa pandan ke ou poko menm konnen moun sa tro byen, sa se yon gro siyn pou ke nèg sa ka yon pwoblèm pou ou.

13- Li di’w li bat fanm deja
Pran nòt, lè yon gason di li ba fanm kou deja, menm si l’ap di’w se fi an ki te lakoz sa, pa rete kwè li. Gason ki abitye bat fi gen anpil chans pou li bat ou tou. Lèzòm ka chanje men fo li ka rekonèt fot li, toutan l’ap lage kòz lan sou yon lòt moun ou mèt rete kwè l’ap refè li ankò.

14- Li se yon tafyatè
Lè ou gen yon gason ki pa ka kontwole kantite tafya pou li mete nan vant li, se yon gro pwoblèm. A nenpòt lè li ka antre nan kay la li fè yon dega sou ou. Pa rete nan yon relasyon ak yon moun ki pa vle sispann bwè.

An Konklizyon
Yonn nan bagay pou fi mete nan tèt yo, gason ki vyolan pa jis geri nan yon jou. Si lide’w ap di’w ke nèg sa ap bat ou yon lè, rete kwè li gen pou li fè’l. Se raman vyolans kòmanse ak tout sou kous. Li toujou kòmanse peti a peti, jouman, menas, pousad, apre sa kanaval lage, se kalòt, kout pwen, kout pye, kout baton, nenpòt bagay la ki nan men li an l’ap frape ou ak li. Si ou pa gen tan chape kò’w, se swa li domaje’w oubyen litiye’w.

Medam ouvè zye nou, pa konfonn yon moun fou pou yon moun damou. Wi tout koup diskite, men gen limit, yon moun ki pa ka kontwole’l lè li fache se pa yon moun pou ou rete nan relasyon ansanm ak li. Si li leve men sou ou, apre l’ap vin mande’w padon, li di’w li p’ap fè sa ankò, pa kwè li, li ka pa fè’l pou yon mwa, pou 2 mwa, pou 3 mwa, men li gen pou li fè’l ankò. Gason kon sa se yon pwoblèm li genyen, yo pa jis rete kon sa pou yo geri, li gen pou li fè yon pakèt grandi, li gen pou li aprann anpil bagay nan vi’l avan pou li ta sispan fè sa l’ap fè an. Depi ou wè gason ap kontwole’w, moun ki ka fè’w wè yon seri de bagay li pa vle ou pake ak yo, ou mèt konnen nèg sa danjere.

woman-abuse

2 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top