Education

Me 9 rezon ki ka fè yon fanm klase yon gason kòm MAZORA

Pou anpil gason yo panse, pou yon gason MAZORA fò li pa konn abiye, mache, pale, li soti nan mòn, etc… Manyen yon fi san pèmisyon’l plis klase yon nèg kòm yon mazora. Aksyon yon gason plis kalifye kòm yon mazora, ke jan li abiye, jan li mache, oubyen kote li soti.

1- Pa konn jan pou ou abòde yon fi
Gen anpil bagay gason fè lè yo wè yon fi, yo ta renmen gen atansyon’l. Yonn nan bagay pou ou pa fè se kreye yon bri, pale fò pou moun nan ka wè’w. Premye bagay fi an ka rive panse nèg sa gen yon pwoblè, pou li ap fè tout bank sa yo. Yonn nan bagay gason pa mete nan tèt li ke fi an toujou pè si tou yon moun ke li pa konnen. Se yonn nan rezon ki fè nenpòt ti bagay fè yo sote. Se rezon pou sa pou ke ou pa janm touche, kenbe, rale yon fi ke ou pa konnen, si tou si li gen valiz nan men’l, telephone, li genyen bijou sou li. Ou te mèt nan yon CLUB ou pa dwe fè sa. Li toujou bon pou ou abòde yon fi pa devan, kote li ka fè kontak zye avèk ou.

2- Demontre fi an ou gen anpil lajan
Pandan ke fi renmen gason ki gen anpil lajan, men gen anpil fi ki pa renmen sa. Lè ou rankontre pou lapremyè fwa, ou pa bezwen nan rale tout lajan ki nan pòch pou ou chèche yon grenn dola. Fi an pa te di’w li pa gen lajan, pa gen rezon pou ap ofri peye pou li. Pa al nan Club achte yon bwason ba yon fi ou pa menm rekonèt epi pou mete nan tèt ou ke li pral danse avèk ou. Fi an pa te di’w li pa te ka jere BILL pa gen rezon pou ou gen tan ap di sa ou ka fè pou li.

3- Sou moun (Soumounòl)
Yonn nan bagay ou menm gason dwe met nan tèt ou, menm jan lè ou pa konn yon moun, ou vle moun nan kenbe distans li, se menm jan pou yon fi ki pa rekònèt ou tou li vle pou ou kenbe distans ou. Si ou menm ki yon gason remake yon fi ke ou ta renmen pale ak li, premye sa pou ou fè se gade eske si moun sa pa okipe. Yonn nan bagay pou pa fè se entèwonp yon moun ki nan telephone, oubyen ki nan yon konvèsasyon ak yon lòt moun. Premye bagay ou pa konnen eske sa moun nan ap pale de li an pa trè ijan. Toujou fè mwayen avan ou al abòde yon fi, eske ou pa pral fè’l santi’l anmède. E si ou ta apwoche moun nan, si li di’w li okipe, oubyen li pa reponn ou, se ba li distans li, sa se yon siyn ke li okipe, oubyen li pa sou pale.

4- Pa konprann sa “NON” vle di
Pandan ke pèsistans se yon bon bagay pou ou gen lakay ou, men li bon pou ou tande. Lè yon fi di’w non, ou pa ta dwe tann li di’w non 2,3 fwa epi ou toujou rete ap pèsiste. Gen yon kantite fwa yon moun di ou non, la se annwiye ou ap annwiye moun sa. Depi fi an di’w non pito ou bay vag, rete tann pou yon lòt fwa.

5- Panse ou gen kontwòl fi a
Ou apèn antre nan konvèsasyon ak yon fi, li pa ko menm di ke nou ansanm, ou gen tan ap pase’l lòd. Li bon pou ou konn ròl ou, avan ou pase moun nan lwa, tann lè ou menm ak moun sa rekonèt ke nou nan yon relasyon. Ou menm ak moun nan poko menm gen 3 mwa ansanm ou gen tan ap di sa li ka fè ak sa li pa ka fè. Pandan ke relasyon an gen pou li rive nan pwen sa, men li bon pou ou rekonèt nan ki pwen ou ye ak moun sa, e se ki dwa ou gen sou moun sa. Lè ou apèn antre nan relasyon ak yon fi, angi w’ap di li sa pou li fè ak sa li pa ka fè, pito ou pase mesaj ou pa fè li rekonèt sa ou renmen ak sa ou pa renmen, e toujou fè’l rekonèt ke li pa gen ankenn presyon pou li chanje sa. E si fi sa vle antre nan yon relasyon ak ou, peu a peu w’ap wè l’ap fè ou plezi pa jis ap fè sa ou renmen yo. Pa egazanp si ou pa renmen zanno ki nan lang li an, l’ap retire’l, men kite li retire’l sou tan pa’l.

6- Ou apèn rankontre fi an ou di’l “I LOVE YOU”
Gen yon pakèt gason Haitien ki gen sa pou defò, gen sa ki pa konnen ki lè pou yo itilize “I LOVE YOU” an, gen sa tou ki jis itilize’l menm jan ak lè y’ap di an Kreyòl ” MWEN RENMEN’W “. Men sa yo pa konprann lè yo di yon fi yo apèn rankontre “I LOVE YOU” fi anpil fwa panse ke yo fou. Yon nan pou konnen kòm yon gason ou pa di yon fi “I LOVE YOU” si ou pa konn fi sa byen. Li bon pou ou kòmanse konnen yon seri bagay de fi sa, mès fi sa a, se yon moun ki sibi pou ou, etc… tou senpleman an ou itilize “I LOVE YOU” asire’w ke ou moun sa trè byen.

7- Ou pa ka rekonèt fi an se brase l’ap brase’w
Ou ansanm ak yon fi, se sèl ou k’ap fè. Tout sa li mande’w ou toujou pre pou ou fè li pou li, e poutan lè ou rele’l nan telefòn li pa pran’l, ou mande’l soti li toujou gen yon bagay pou l’al fè. Chak fwa ou vle al pi lwen ak li, li rale kò’l sou ou, ou gen plis ke 3 mwa ou nan relasyon ak fi sa menm yon ti bo li pa vle fè pou. Fi sa tou senpleman ap pran avantaj de ou, e ou kontinye ap fè, e toujou la pou li.

8- Adrese yon fi nan yon lang ou konnen li pa pale
Gen yon pakèt dyaspora yo rive an Haiti, yo wè yon bèl fi yo ta renmen pale ak li, yo adrese li an Anglè apre yo konnen ke fi sa gen anpil chans pou li pa kon prann sa y’ap di an, oubyen apre chak 2, 3 mo kreyòl yo mete yon BUT, SO, YOU KNOW, etc… Gen yon seri de gason Haitien ki rive USA yo konnen ti dam nan pa pale Fransè yo adrese li an Fransè. Gen seri de lòt gason Haitien ki konnen yo pa ka pale Fransè oubyen Anglè a men y’ap fòse pale lang lan malgre yo konnen ke dam nan konn pale kreyòl, pafwa fi an ki wè misye ap fòse twòp yo reponn yo an Kreyòl, pou yon rezon yo la ap fòse toujou.

9- Pa konnen jan pou konpòte’w an piblik
Kòmanse yon diskisyon pou san rezon, malgre tout moun ap di ou kite sa malgre sa ou pa wè ni 1 ni 2 se goumen pou al goumen. Toutan moun ap kenbe’w se lè sa ou fè plis bank. Fè sekirite mete’w deyò nan CLUB. Joure yon fi paske li pa vle pale ak ou, oubyen danse ak ou.

grope2

3 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top