Opinion

8 jan de gason ki p’ap janm fè yon bon mari

RELATIONSHIP – Gen anpil gason deyò an ki ka fè yon bon mari oubyen patnè avèk ou, pou ou ka leve yon fanmiy apre sa pou nou viv kè kontan jis ka la fen dè tan. Men kon sa tou gen yon seri de gason deyò a, ou pa menm bezwen kraze kò’w pou chanje li, paske li pa gen nati sa lakay li pou li fè yon bon mari oubyen patnè.

1-Banbochè, trichè
Antre an reyalite avèk tèt ou, li gen regrè pa’l. Ti bout tan sa ou gen ansanm ak li an, li deja pase 2 lòt fi oubyen plis ke sa sou ou. Li te di’w li pa t’ap fè sa ankò, ba li yon lòt chans. Eske ou ka fè’l konfyans ankò. Bon si ou menm se fi sa li te triche ansanm ak li an, sa’k fè ou panse li chanje, e li p’ap pral triche sou ou tou.

2- Briseur de coeur, Nèg k’ap brize kè
Li la l’ap ponpe sou kè’w, li pase pye sou li, li jete li nan fatra, li pa janm pran menm yon ti tan pou li fè’w menm yon ti eskiz. Me konnye a l’ap mande’w retounen, e w’ap panse a ba li yon lòt chans. Kesyon sa vrèman difisil. Eske li sensè? Eske li admèt ke li te gen tò e pi li fè yon eskiz trè pwofon a ou menm. Si li pa sou jenou’l ak, 2 ran dlo, 2 ran larim ou pa menm bezwen okipe’l, pa gade’l tan kou yon chyen menm.

3- Yon bouro de travay, sèl nan travay li rete
Li fè 16h de tan ap travay, se pa paske li nan yon sitiyasyon fò li fè’l non, li fè’l se paske li vle. An nou serye, si li renmen travay li plis ke li renmen ou, sa’k fè’w panse kè’w pral kontan lè Nwèl ak premye Janvier rive epi li nan travay oubyen li gen yon biznis l’al regle nan yon lòt vil, lòt peyi.

4- Tèt li toujou an premye
Li mete tèt li an premye plis ke li mete ou menm ak li kòm yon koup premye. Malgre ou di’l sa plizyè fwa, li toujou rete jan li te ye an. Alò ou mèt konnen li p’ap chanje. Ou ka rete nan relasyon sa wi, sè si ou pa gen pwoblèm jere plas dezyèm nan, men ou mèt rete kwè kè ou p’ap kontan.

5- Yon atoufè, bwasè
Ok ou gen yon nèg se bwase l’ap bwase pou li viv. Sa ka rive bòs travay li se yon moun ki di li ye, men sa pa ba li rezon pou l’ap pran avantaj, oubyen pran bagay ki nan travay la. Ou mèt rete kwè li gen pou li fè’w menm sa l’ap fè bòs travay lan tou, paske se nan nati’l li ye.

6- Parese
Tout bagay nan kay la se ou menm ki pou fè’l, si ou p’al travay anyen paka peye, tandiske misye la sèl sa li fè, se dòmi, leve, gade tele, al pase tan ak zanmi’l, bwè byè e li p’ap leve menm yon ti pay pou li ede’w. Se pou konbyen tan w’ap ka tolere sa. Eske ou panse nèg sa pral chanje. Si li vin gen yon ti moun avèk ou eske l’ap pote patisipasyon’l pou’l ede’w leve ti moun sa. Yon sèl bagay depi ou pran sant lafimen ou mèt poko wè dife ou mèt rete kwè gen yon bagay k’ap brile. Alò pa rete tann demen pou w’ap di si’w te konnen, paske depi jodi a, ou deja konnen, ou jis ap inyore verite an.

7- Li toujou ap kouri
Li pa janm la depi gen yon pwoblèm menm si se nan relasyon oubyen kèk pwoblèm ki gen pou wè ansanm avèk ou. Ekzanp Ou gen yon moun nan fanmiy ou ki mouri, se lè sa li fè’w konprann ke li gen pou l’al regle yon bagay. Li pa la lè ou gen lanmò, maladi, maryaj, reyinyon familyal. E lè fanmiy ou ap mande pou li, ou toujou gen yon ekiz w’ap fè pou li. Ou pa janm ka jwenn sipò li lè ou bezwen’l.

8- Vyolan
Ou avèk yon nèg, avan ki lè se men’l l’ap leve sou ou. Ou pa ka menm ouvè bouch ou pou ou ba li opinyon’w. Men se ki lè w’ap reyalize relasyon sa si pou pa soti ladan se 3 bagay k’ap rive’w. 1- l’ap kokobe’w, 2- Ou pral nan prizon, 3- W’ap mouri. Depi ou nan yon relsyon moun nan kòmanse ap atake’w vèbalman oubyen fizikman ou mèt kòmanse ap chèche yon pòt pou bay jete an. Moun sa p’ap chanje se pi mal li gen pou li pi mal.

Ou pa ka chanje moun, mete sa nan tèt ou. Se sèl moun nan ki ka chanje tèt li. Alò li bon pou ou konnen jis paske ou renmen yon moun sa pa vle di pou ou chita la ap soufri pou li. Aprann renmen tèt ou avan, se sèl fason sa moun ou ansanm ak li va renmen’w tou.

lazyblackman

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top