Love & Sex

Mennaj ou pral an Haiti, pa bliye mete yon pake kapòt nan valiz li

LOVE & SEX – Se pa tout gason ki rive an Haiti ki nan banbòch, e sa pa vle di tou, tout fi an an Haiti pral antre nan relasyon avèk yon dyaspora. Men lavi an Haiti si tèlman di, anpil jèn fi toujou an rechèch de yon debouche. Lè yon diaspora rive nan peyi an, anpil fi voye kò yo sou yo, paske yo konnen yo ka jwenn 2 gouden nan men yo.

woman_holding_condom

Ou menm ki gen mennaj ou k’ap planifye pou ale Haiti, pou al wè fanmiy ak zanmi, ebyen li bon pou mete nan tèt ou ke li ka arive tronpe’w. Se pa paske li deja gen entansyon avèk sa, men pito lè li rive an Haiti, si tèlman gen tantasyon l’ap trè difisil pou li pa fè yon kout dan. Gen anpil gason ki rive an Haiti, yo kontrole tèt yo, men gen anpil tou ki pèdi tout sans de moralite, yo jis ap pran plezi.

Yon diaspora rive an Haiti, li gen zanmi, kouzen, frè, etc…, lè li rive, ni zanmi, ni kouzen yo ka deja kite yon ti grenn pou li, e pa yon sèl grenn, men plizyè grenn. Gen nan yo l’ap refize, li gen pou lite avèk tantasyon an, men zanmi yo, kouzen yo, pap fè’l pi fasil pou li. Yo gen pou yo di, “pa di’m ou vin an Haiti ou pa batize menm yon grenn menm. Oh diaspo, ki tenten w’ap voye la. Me misye ap pale de madanm, ou te fèt ak madanm”. E gen anpil lòt bagay ki gen pou di.

Gen de gason ki ka kenbe de jan mesye yo ap takinen li an, men gen sa k’ap jis fè sa ki gen pou fèt lan. Men gen de gason, yo antre an Haiti menm pou al pran plezi. Depi avan yo antre yo deja gen zanmi yo, ki deja kite kèk grenn pou yo. E lè yo rankontre ak medam yo, medam yo te deja plis aksepte pou nenpòt bagay fèt, jis paske li se yon dyaspora, jis paske dyaspora ka bali yon ti monnen. Alò sa ou tande a plezi lage.

Eske nou ka jije medam an Haiti yo. Yon peyi ki pa gen travay, Sa k’ap travay la touche chak mwa, e lè li touche ti monnen an pa menm ase pou menm achte papye twalèt. Pa ekzanp yon seri medam k’ap sèvi moun nan restoran, oubyen nan yon bar, yo touche ape prè $500 HT ki ape prè $50 US, pou yon mwa. Lè yon moun ka fè yon $50 US transfè pou li, eske ou panse l’ap refize sa. E medam ki p’ap travay yo, fò yo manje, fò achte rad mete sou yo, fò yo pran kamyonèt, fò yo al achte dlo pou benyen, pou bwè, ni manman, ni papa pa ka ede yo. Se ki sa ou vle y’al fè. Ebyen y’al chèche yon moun ki ka ede yo. Anpil nan yo Dyaspora pran avantaj de yo, gen nan yo tou ki gen 2, 3, 4 diaspora y’ap pran plezi ak yo. Lè dyaspora sa pa voye, lòt lan voye.

Ou menm ki yon fi ki gen mennaj ou, mari ou, ki pral Haiti, se ki sa pou ou fè pou li pa al nan ranse ak fanm. Pa gen anyen ou ka fè, se sèl konviksyon moun nan ki ka fè li pa al nan banboche. Ou mèt ta va di li tout bagay pou li pa al ranse ak medam yo, kan li rive Haiti, tout sa ou te di li an, li kite yo nan Ayeopò an. Si li fè sex ak yon moun, ou p’ap konnen. Lè ou mande’l si li te fè sex ak yon moun, l’ap di’w non. Alò meyè bagay ou ka fè se, ba li yon pake kapòt pou li ka pwoteje tèt li, e an menm tan li pap pote maladi ba ou.

Anpil gason pa panse ak sèvèl yo, men pito ak penis yo. Se lè yo fin fè sa yo te gen pou yo fè an, se lè sa yo wè yo pa te dwe fè’l. Sa se gason ki gen santiman ki rive panse ak sa yo fè a. Gen de gason an, se yon afè nòmal pou yo kouche ak mezi fi yo ka kouche. Ou menm ki lakay ou, ou trè fidèl a mennaj ou, paske li nan banboche li vin pote maladi ba ou.

Ou pa bezwen renmen yon bagay pou ou fè’l. Pou sekirite’w, ou oblije pran desizyon pou pwoteje tèt ou. Ba li yon pake kapòt se pa paske ou fèb, men se paske ou pwisan ki fè ou fè’l. Se yon fason pou di’l si ou ta arive fèb kont tantasyon yo, pa bliye pwoteje tèt ou.

Yon Kapòt ase pou sove yon fanmiy. Ou menm ki mete yon pake kapòt nan valiz mari’w li pa te konn sa. Lè li rive an Haiti, li jwenn pake kapòt lan. Se ki sa ou panse li pral panse. Si li te gen yon ide nan tèt li pou li t’al banboche, ou voye li al panse. E sa ase pou fè’l pa al nan anyen ak ankenn moun.

Atik sa pa di lè mennaj ou al an Haiti se banboche l’al banboche, ni li pa di ke medam an Haiti pa bon. Men li jis pote yon limyè ki jan pou ou pwoteje tèt pa ou. Pa di li pap janm rive, men pito an nou pwoteje tèt nou. Alò mesye panse avan nou aji, pa detri yon fanmiy jis pou yon ti plezi.

3 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top