Love & Sex

Ou ta renmen konnen si mennaj ou ap banboche sou ou, men kèk siyn ki ka fè ou kenbe’l

RELATIONSHIP TALK – Lè ou nan yon relasyon li bon pou ou vijilan. Pa fwa ou pa bezwen al nan fouye bous/valiz, telefòn, mande FACEBOOK password pou ou konnen moun nan, nan sa ki pa bon. Paske jan l’ap aji deja di’w si li gen yon lòt moun nan vi li. Men kèk emosyonèl siyn ki pou di’w si mennaj ou ap jere yon lòt moun.

cheating-affair-couple-jpg

1) Tou den kou, mennaj ou vin plis pote atansyon de bezwen’w. Anpil fwa rezon ki fè l’aji kon sa, se paske konsyans li ap repwoche li. Konsyans li k’ap repwoche li an, se paske nouvo relasyon li gen ak lòt moun nan apèn kòmanse. Met nan tèt ou, toutan relasyon an ap kontinye ak nouvo mennaj li an, se mwens konpasyon l’ap gen pou ou.

2) Mennaj ou kòmanse ap pote kado pou ou, anpil kado. Ebyen se pa paske li wè ou merite kado yo, men se paske li vle alèz ak tèt li de sa l’ap fè ou an. Se yon fason l’ap chèche pou li ranplase tò, remò, li genyen de sa l’ap fè’w yo.

3) Jan mennaj ou ap aji fè’w santi gen yon bagay ki pa nòmal. Li bon pou ou pote atansyon, ak panse k’ap vin nan tèt ou yo. Inyore yo se menm jan w’ap bay tèt ou manti. Ou konn tout abitid, routin, atitid mennaj ou pi byen ke tout moun, depi ou yo kòmanse chanje, ou mèt kòmanse sispèk li, ke l’ap fè yon bagay ki pa nòmal.

4) Ti krik, ti krak, l’ap fè yon pakèt pale anpil, li fache, l’ap joure, ou menm w’ap poze tèt ou kesyon ki sa ou fè, oubyen di, ki fè li vekse konsa. Sispann bay tèt pote ankenn chay, de jan l’ap aji an, se yon eskiz li bezwen pou li ka, kite kay la pou l’al jwenn nouvo mennja li an. Pafwa se konsyans li k’ap kale li, ki fè l’ap aji kon sa.

5) Si toutan ou gen yon diskisyon ak mennaj ou, li toujou pre pou l’ap di’w, relasyon sa ap kraze. Si l’ap poze’w kesyon se ki sa ou ap fè si nou kite, oubyen l’ap fè’w konprann ke l’ap toujou renmen’w menm jan ak yon zanmi si yon jou nou pa ta va ansanm ankò. An jeneral li trè negatif de relasyon ou gen ansanm avèk li an. Ebyen, rezon ki fè l’ap di bagay sa yo se paske, li deja gen yon lòt moun pou li ranplase’w. Si mennaj ou toutan ap repete bagay sa yo, ou mèt kòmanse sispèk li.

6) Mennaj ou toujou fache konnye a, depi l’ap soti kè li kontan, li toujou pa ka ret tann pou li kite kay la, kan li retounen figi li mare pi mal pase yon bèt sovaj. Depi ou bò kote li, li pi sonm pase ti bebe ki pa bwè lèt. Si li nan yon lòt relasyon pou yon bon ti tan, l’ap fè tout mwayen ki posib, pou tou 2 relasyon sa yo mache byen swa. Nenpòt pwoblem li gen nan yonn nan relasyon yo, lòt lan ap resevwa chòk la tou. Li jis pap kapab evite sa a.

7) W’ap viv ak mennaj ou, men nou pa janm pale. Li vin trè frèt ansanm avèk ou. Li pa bay santiman ou, regle anyen pou li.

8) Tou den kou, li chanje jan de mizik li te konn tande. Li pa te ka viv san ti Konpa ak Zouk li, konnye la li tounen espanyòl nèt nan men’w, se salsa sèlman li tande. Rezon ki fè li ka vin entèrese ak salsa, ka se paske se sa nouvo mennaj li an tande.

9) Mennaj ou, toujou ap kritike yon moun. L’ap fè ou konprann moun sa pap janm enterese nan li. Menm si gen yon atraksyon ki ekziste antre yo.

10) Mennaj ou kòmanse ap kritike yon seri de bagay de ou, tandiske lontan li te renmen yo.

11) Mennaj ou vin pran nenpòt ti bagay ou di, pou yon pakèt bagay. Ou vin pa wè ki jan de kòmante ou ka fè devan li, paske li ofanse pou tout bagay.

12) Li vin pa bay ni ou, ni pitit ou regle anyen pou li. Ann di tout bagay nan kay an jeneral, li pa wè, li pa tande.

13) Konnye a, pa gen pòt ki ka rete ouvè. Lontan si li nan chanm nan, oubyen nan twalèt lan, pòt te konn rete byen ouvè. Kan li vin gen lòt ti mennaj lan, tout pòt anba lòk, kadna, klochèt, takèt etc… Li kòmanse ap distans tèt li de ou, fizikman e sikolojikman.

14) Ou mèt byen abiye, bèl pase lalin, se pa li k’ap konplimante. Ou pa menm sonje’w depi ki lè li di’w “Cherie, Je t’aime”.

15) Lè ou fè yon bagay jantiy pou li, li vin santi li anbarase. Paske ou pa te sipoze fè ankenn bagay bon pou li. Ou se moun ki te dwe rann la vi enposib. Lè ou fè yon bagay jantiy, ou fè banbochè a panse de sa l’ap fè ou yo.

16) Mennaj ou vin vire tout bagay sou ou, ap akize’w ke w’ap banboche, san ke li pa gen okenn evidans.

17) Mennaj ou pi to al chita nan baz al pale ak zanmi, tan ke li pase yon ti tan avèk ou.

18) Mennaj ou pa gen anyen ki enterese’l de fiti relasyon ou gen ansanm avèk li an.

19) Mennaj ou vin pa ba ou ankenn afeksyon menm.

20) Mennaj ou pito rete sou Facebook, li yon liv, gade televizyon, etc… tanke li pale, oubyen fè lanmou avèk ou.

21) Mennaj ou vin gen yon seri de nouvo fraz l’ap itilize, fè yon seri de blag, oubyen l’ap di yon seri de bagay ke li pa te janm gen abitid di.

22) Mennaj ou vin parèt li pa entèrese e distrè pandan l’ap fè sex avèk ou.

23) Mennaj ou ap rele non lòt moun pandan l’ap fè sex avèk ou. L’ap rele non lòt moun nan dòmi, e li fè sa plizyè fwa.

24) Mennaj ou ap rele’w pa non lòt moun. Ou resevwa text mesaj nan men mennaj ou, ki adrese sou non yon lòt moun.

25) Lè mennaj ou leve nan dòmi, li parèt pa fwa li pa konn kote li ye.

26) Fanmiy ak zanmi kòmanse remake chanjman antre ou menm ak mennaj ou, e y’ap mande’w eske tout bagay ok.

27) Yon moun fè kòmantè anba foto, status li sou facebook, lè ou mande’l, pou ki sa moun sa fè jan de kòmantè sa yo, li tire pye fache, fè ou konnen se facebook, sispann veye li.

28) Telephone li vin pa ka rete atè. Li mèt pral benyen fò telephone nan bò kote’l. Anplis tout aplikasyon nan telephone li fò ou gen yon kod pou ou antre.

29) Mennaj ou retire’w epi bloke’w, sou tout kont media sosyal li genyen. Pa ekzanp, Facebook, instagram, twitter, etc…

30) Mennaj ou vin pa antre lakay li a lè ankò. Li toujou gen yon eskiz. Lè li soti, li pa antre.

31) Lè ou al tcheke kont bank lan, ou gen lajan ki manke, men li pa ka di’w sa li fè ak li.

32) Lontan machin nan pa te konn netwaye souvan, konnye a, chak weekend machin byen sire, epi santi bon pa’w.

33) Lè’l te konn al kay zanmi li lontan, li pa te konn abiye, Konnye a fò li fre pase kola 15.

34) Mennaj ou kòmanse antre nan kay la avèk nouvo kado. Chak fwa li touche fò li al achte vètman nèf, e lontan li pa te konn al achte bagay souvan kon sa.

35) Pawòl k’ap sot nan bouch mennaj ou, wa panse se yon kout ponya, si tèman yo pi ke. Lontan se te ti bagay dous ki te konn ap di, menm si li te konn fache

Se mèt kò ki veye kò. Li bon pou ki te zye ou gran ouvè, lè ou ap dòmi ki te zòrèy ou gran ouvè. Paske li toujou bon ou konnen sa k’ap pase nan relasyon’w. Pa nan pran kalòt jimo nan men moun. Mete fanm sou ou, met gason sou ou pou ka pare’l.

2 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top