Parenting

Se pouki sa madanm marye avèk fanmiy gason pa ka antann yo?

Se yonn nan pi gro pwoblèm ki ekziste nan relasyon fanm ak gason se lè madanm marye ak fanmiy gason pa ka antann yo. Gason sa menm anpil fwa trouve’l nan yon sitiyason kote li santi’l l’ap kwense, tout sa li fè se yon pwoblèm li ye. Li vin santi li elas, li fatige, paske depi li antre nan kay la toujou gen yon plent pou l’ap tande kont fanmiy li yo k’ap pèsekite madanm li e fanmiy ap vin di li konman madanm li ap derespekte manman li.

Ou plis trouve pwoblèm sa lè ke pitit gason sa se li menm ki t’ap ede fanmiy sa a. Lè li vin marye tout fanmiy li mete nan tèt yo ke gason sa p’ap ede yo ankò, e fi sa vin retire manje nan bouch yo. Pafwa manman gason sa mete nan tèt li ke se li menm ki te konn ap goumen pou bay pitit li lavi, alò lè pitit li ka fè pou li, li wè yon fi vin pran tout syè li nan men’l ebyen li leve kanpe pou li rann la vi fi sa difisil.

Men sa ki pi mal lan se lè frè avèk sè gason an mete ansanm ak manman pou yo detwi sa gason sa gen avèk madanm li. Yo foure bouch yo byen fon nan bagay ki pa regade yo. Yo tounen detektiv pou y’ap siveye fi sa. Yo monte pawòl sou fi sa, di li di, di li fè sa li pa menm konnen jis pou yo ka mete dezinyon antre gason ak fi an. Rayisman fanmiy gason sa konn si fò menm pitit gason sa yo pa renmen. Di pitit sa pa pou mesye an, jis paske pitit lan pa sanble ak papa, san yo pa mete nan tèt yo pitit la ka sanble ak fanmiy fi an tou.

Men pafwa se pa fanmiy gason an ki kreye pwoblèm nan. Gen yon seri de fi ki antre nan yon fanmiy toudenkou li vle pou mesye a sispann ede fanmiy li. Depi gason an fè yon bagay pou fanmiy li, bouch fi sa gentan rive dèy tèt li. Se lè sa pitit sa pa te gen sa, gason sa pa janm fè anyen pou pitit li, se sèl fanmiy li li wè. Fanmiy gason an pafwa pa ka menm vin lakay li, e li pran ti moun yo li elwanye yo de fanmiy gason an. Tout sòt akizasyon ap monte. Fi an fè fribòm li pa ka fè ti moun li lage chay la sou fanmiy gason an, se yo menm k’al fè maji ki fè li pa ka fè ti moun.

Reyalite an se yon mank de edikasyon ki fè anpil fwa bagay sa yo rive. Ou jwenn fanmiy gason an ki pa respekte ròl yo, e ou jwenn fi a ki pa vle rekonèt ke gason sa te gen yon seri moun ki te nan vi’l avan li te rankontre’l e li gen yon devwa anvè moun sa yo. Si ou menm ou jwenn yon gason trè pwòch ak fanmiy li, ebyen ou mèt mete nan tèt ou ke ou gen pou aksete yon seri de bagay. E ou menm fanmiy gason sa tou fò nou mete nan tèt nou tou ke gason sa li gen vi’l pou li viv tou, plis nou kolabore ak madanm gason an se pi fasil n’ap fè vi’l. Pa mete’l nan yon pozisyon pou li chwazi, paske n’ap pèdi, gason sa gen plis chans pou li pran bò madanm li.

Sa ki tris lan sè ke majorite pitit Haitien tande kouman fanmiy papa yo te maltrete manman yo. Kouman grann yo pa te vle wè manman yo, kouman matant sa pa te janm vle wè manman yo. Men lè ou rive bò kote fanmiy papa’w ou aprann kouman papa’w se sèl fanmi li te wè. Alò se yon pwoblèm jalouzi pou anyen. Tou lè 2 bò vle se yo menm ki pou jwenn plis atansyon, san yo pa reyalize ke se madanm nan ki merite plis atansyon, e se nòmal pou gason an travay pou pitit li ak madanm li, paske se moun sa yo ki vi’l. Ni manman, frè, sè, ap fè vi pa yo.

Ou menm ki yon gason ki trouve’w nan yon sitiyasyon kon sa, li bon pou ou mete pye’w atè epi klase tout moun nan ròl yo. Fè manman’w konnen pa gen moun ki ka pran plas li an, e w’ap la pou li pou lavi paske li jwe yon ròl trè enpòtan nan vi’w. Frè ak sè yo, di yo ou renmen yo, e yo se fanmiy ou pou lavi, men yo gen fanmiy yo, alò kite’w viv vi’w. W’ap la pou yo, w’ap ede yo jan ou kapab. Madanm ou menm ou dwe pale ak li fè li konnen ke ou chwazi li pou ou fè vi’w ak li toutan li vle viv avèk ou, men li dwe aprann ke fanmiy ou yo trè chè a ou menm. Pa janm pran bò lè gen yon pwoblèm antre yo, jis bay tout moun tò yo. Si w’ap viv pre fanmiy ou al rete yon kote ki pi lwen yo si ou kapab, ap gen mwen diskisyon, mwens jalouzi. Epi mesye jere fanmiy nou, mete nan tèt ou ke ke yon fanmiy konpoze de pitit ou, madanm ou, ak ou menm, men sa pa bay madanm ou rezon pou l’ap derespekte manman’w, papa’w, frè’w ak sè ou.

black-couple-arguing

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top