Love & Sex

Si’w damou yon moun, l’ap fè’w soufri me ki jan pou ou kite relasyon sa a.

SEX & LOVE – Renmen pa dwe fè mal fizikman oubyen mantalman. Depi li fè mal pa rete nan relasyon sa a, plis tan ou fè ladan se plis difisil l’ap difisil pou soti la dan. Gen anpil moun k’ap soti nan relasyon sa antre nan yon lòt relasyon san gade dèyè, gen anpil moun tou ki pa ka vrèman kite yon relasyon. Nan tèt ou, ou konnen sa ki mye pou ta fè se kontinye al viv ou sèl oubyen al chèche yon lòt moun pou kap fè vi’w. Men sa ou gen nan kè’w pou yon moun konn si tèlman pwisan, li fè’w monte mòn pa do, fè ou aksepte sa ou te di ou pa t’ap janm pran nan men yon moun, fè’w tounen yon sanront, tankou yon chyen, vwazinaj ap kouri dèyè’l men si tèlman li grangou li retounen pou li wè si li ta jwenn yon bout zo atè an.

walking away

Se bagay ki di lè ou konnen nan tèt ou ke yon moun pa vle’w, yon moun pa ba ou respè ke ou merite an, li di’w nenpòt bagay ki fè’l plezi san rezèv, men ou si tèlman renmen moun sa, kè’w pa vle kite’w ale. Fanmiy ak zanmi ba ou tout konsèy ke ou deja konnen, y’ap di’w jan li fasil pou ta leve kite moun sa, san yo pa konnen se pa ou menm ki pa vle ale, men pito se kè’w ki pa ba ou pèmisyon.

LI ATIK SA TOU: Yon Politisyen Espanyòl kondane pou 8 an prizon pou lajan èd Haiti li vòlè

Kisa pou ou fè pou ou k’ap retire’w nan pozisyon sa ou ye an, pou k’ap kontinye vi’w e jwenn yon lòt moun pou k’ap fè vi’w?

Premye sa ou dwe fè, se reyalize nan ki degre ou renmen moun sa a, e panse nan ki degre moun sa renmen’w. Gade pou wè ki jan ou mete’w pre pou sèvi’l e li menm preske pa gen tan pou ou. Tout sa ou di li fè pou ou te gen tan yonn nan pi gro fado ou te kap ba li pote. Gade pou wè kouman lè l’ap pale avèk ou li di’w nenpòt bagay, tandiske ou menm kouman ou gen rezèv pou li. Gade konbyen fwa l’ap di’w li pa ba ou regle anyen pou li, li pa konn sa w’ap fè la toujou, e ou menm ou pran tout tan’w pran tout swen’w pou di’l kouman ou apresye’l e renmen tout sa li fè, kouman ou toujou vle bò kote’l. Ou mete’w piti devan’l menm si ou pa antò, ou aksepte tout tò li ba’w, ou toujou pre pou ou padone’l menm si se verite, malgre ou gen tout evidans nan pla men’w, ki di’w yon lòt bagay, e li menm pou tout ti bagay, li toujou pre pou’l kite, l’ap fè’w konnen li menm se pitit manman’l ak papa’l li ye. Yo pa pran anyen nan men pèsòn.

Ou dwe chita reyalize tout bagay sa yo, tout sa ou sibi, tout sa ou aksepte, tout tan sa ou pase nan relasyon sa a, e moun sa toujou pa wè enpòtans ou bò kote’l. Tout sa li vle ou fè’l. Lè’w fin panse a tout sa ou sibi nan relasyon an, ou antre tout nan mwèl tèt ou, fè vizyon de yo. Paske anpil fwa sa nou pa panse malgre nou etidye li nan lekòl, nou bliye oubyen byen nou pa konnen kouman mwèl tèt yon moun pwisan. Enfòmasyon ou mete ladan’l lan se li menm l’ap ba ou nenpòt lè oubezwen’l. E enfòmasyon sa li genyen ladan’l lan, li pral wè kouman pou li anvizyone’l, pou’l kap wè’l nan yon sans reyèl.

LI ATIK SA TOU: Cette insolence nègre qui continue de contrarier les âmes blanches

Tout mouvman ou fè avèk nenpòt pati nan kò’w, li soti nan mwèl tèt ou avan. Tout sa ou ap fè ou pa panse’l avan, li gen anpil chans pou li pa bon. Men depi ou chita panse yon bagay avan ou fè li, li ogmante 4 fwa anplis pou li reyisi, ke si ou pa te panse’l avan. Lè ou pran tan’w pou panse ak sa moun nan ap fè’w lan, apre ou fè vizyon tout bagay sa yo, ou vin menm jan avèk yon lòt moun k’ap swiv sa k’ap pase’w yo. Konnye a ou gen ase enfòmasyon ak imaj nan tèt ou, ki pou kominike ak kè ou, pou fè kè’w konnen santiman ou gen pou moun sa, pa bon pou li paske l’ap detri’w e l’ap fè’l konnen moun sa ap detri’l tou.

Enfòmasyon sa yo ou gen nan tèt ou an konnye a, ap kòmanse diminye nan santiman ou gen pou moun sa nan kè’w. Men se pa yon bagay k’ap rive fèt de jodi a demen. Kè’w p’ap bay legen konsa, li pral chèche pou li fè mwèl tèt ou kwè, tout sa moun sa fè li nòmal wi. Kè’w ap vle efase nouvo enfòmasyon ak imaj yo ou mete nan tèt ou an. Men fò kontinye kwè de jan moun sa ap trete’w lan pa bon, li pa nòmanl, pou k’ap retire imaj ou te gen pou moun sa a avan. W’ap kòmanse wè jou apre jou w’ap fè tout vizyon jan moun sa t’ap maltre’w mantalman, kè’w ap kòmanse pran fòs, l’ap vin pa fèb pou moun sa menm jan.

Ou gen pou wè w’ap kòmanse pa aksepte moun sa fè’w nenpòt bagay. W’ap kòmanse di’l sa ki pa fè’w kontan. Apre kèk semèn oubyen mwa, w’ap kòmanse gen fòs pou di li sa ou panse san rezèv. Ou gen pou ba li repons, a tout sa li di’w. L’ap di’w “li pa konn sa ou ap fè la”, w’ap gen kouraj pou di’l tou “mwen m pa menm wè’w menm, ou menm ou wè’m la, ou pa menm ekziste pou mwen”. Gen yon provèb ki di “lè yon moun fou ap voye ròch dèyè’w, se pa al kache, men pito se pou’w pran 2 ròch tou tire dèyè’l”. Se Verite lè sa l’ap konnen se 2 moun fou nou ye, l’ap respekte’w e ou menm tou w’ap respekte’l.

LI ATIK SA TOU: Yon sè prezidan Michel Martelly poze kandidati’l pou gouvènè eta FLORIDE

Lè ou mete’w piti devan yon moun, anpil fwa l’ap pran avantaj de ou. Lanmou koz anpil moun mete yo piti devan yon lòt moun, e pa fwa li fè’w si fèb, kè’w vin ap ponpe san fèb nan mwèl tèt ou tou, e sa vin afekte vizyon’w, fè’w pa wè sa moun sa ap fè’w ki mal. Lè’w rive nan etap sa kote ou pa ka wè si moun sa ap fè ou tò, li ka pran plizyè mwa e menm ane pou ou repran tout fòs. E sa ki pi move an se paske ou vin pedi tout sans sansiblite ou te gen. Sa vin koz ou pa ka antre nan yon relasyon, ou pa ka fè moun konfyans ankò. Provèb la di “chat ki mouye nan dlo cho, pè dlo frèt”. Ou menm ki fin pran tout abi sa yo nan yon relasyon jis paske ou te damou yon moun, konnye a sa vin fè ou pè renmen.

Renmen pa dwe fè mal, fizikman oubyen mantalman. Depi li fè mal pa rete nan relasyon sa a, plis tan ou fè ladan se plis difisil l’ap difisil pou soti la dan.

LI ATIK SA TOU: Rezon pou jèn fi Haiti fè atansyon avèk diaspora ki nan laj ki vle pran yo pou madanm pou mennen yo nan USA

8 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top