Featured

Yon fi pa janm dwe kite’l toutouni pou tro lontan devan mennaj li oubyen mari’l

SEX & LOVE – Si’w ta vle mennaj ou toujou enterese a ou menm, gen yon liyn ou dwe swiv avèk anpil atansyon. JÒF (teasing) se yonn nan fason pou kenbe mennaj ou toujou enterese a ou menm. Gen yon seri de fi apre yo gen 2, 3 ane avèk mennaj yo, yo vin tro konfòtab. Gen yon seri de bagay yo pa bay valè ankò. Tankou fè kò yo bèl, kouvri kò yo lè yo fin fè lanmou avèk mennaj yo. Li pa pran anpil pou yon gason kòmanse pèdi anvi pou ou, e ou vin pa trò enterese’l ankò, e nèg ou an kòmanse lage’l nan lari pou li jwenn yon lòt fi, menm si li pa vle kite’w. E lè li ap fè lanmou avèk ou l’ap panse a yon lòt fi.

LI ATIK SA TOU: Dekouvri kouman pou’w konnen si mennaj ou ap banboche sou ou. ( Is your husband Cheating? )

Pran yon ekzanp lè mennaj ou ap mache nan lari avèk ou, li wè yon fi avèk yon ti jip byen kout, oubyen fi an mete yon rad ki montre enpe nan po kò li, pandan ou menm ou di ou pap fè sa a, men nèg ou an ap chire je’l gade lòt fi an. Se pa fòt li se jis nati gason. jis ti extra po fi an li wè an li gen tan ap imajine tout sòt de bagay. Ou pa bezwen al mache menm jan avèk fi an nèg ou an wè nan lari an non, men lè ou rive lakay ou, ou dwe mete ti rad sou ou ki trè provokan, e si ou mete ti jip kout pa fwa ou dwe fè ekspre ou mal chita, jis pou bay nèg ou an JÒF. Lè sa ou mete yon imaj nan tèt li pou li ka panse.

Men afè mache toutouni kon manman’w te fè’w lan, se tiye li tiye anvi nèg lan. li vin pa gen anyen pou li imajine ankò paske li wè tout bagay. E lè li wè’w toutouni tròp li kòmanse ap chèche bagay nan kò’w ki gen defo. Se lè sa li wè ou gen yon tete ki pi gro ke lòt, ou te gen tan mache krochi, ou manke yon zo kòt, ou gen yon pye ki pi kout ke lòt, vant ou te gen tan trò gro. Tout bagay sa yo se bagay ki pou fè li dezenterese de ou. Depi ou fin fè lanmou ak mennaj ou, si ou pral benyen pran yon bagay kouvri kò’w.

LI ATIK SA TOU: Pa kite nèg ou jis paske li fè yon ti degaje sou ou (don’t you leave your man just because he cheat on you)

After Sex

Pandan ou dwe kouvri kò ou an, sa pa vle di ou dwe toujou gen yon moumou sou ou. Li pa bon tou, fò ou ka JÒFRE mennaj ou oubyen mari’w. Ou ka pa gen bèl kò menm jan avèk yon modèl oubyen jan nou di’l lan mànken, men ou dwe jwenn yon fason pou ou kite yon imaj nan tèt li. L’ap nan travay li gen pou panse de ou. L’ap wè yon fi preske toutouni nan lari an, l’ap panse de ou. E lè li rive lakay li, w’ap wè li kòmanse fè lanmou avèk ou. Ou ka wè nan legliz yo toujou vle pou fi yo vini ak rad ki pa tro kole sou yo, ki pa trò kout, se paske yo konnen gason an pa bezwen tròp bagay pou li gen anvi ki monte li, epi ou wè li kòmanse ap mache ak men nan pòch.

LI ATIK SA TOU: Si’w pa gen mennaj yon moun sou FACEBOOK ap mande’w renmen eske’w dwe ba li bò?

Mete ti rad transparan ( Lingerie) lè ou pral dòmi. Bay nèg ou anvi se devwa’w, depi ou pa fè’l, yonn nan medam nan lari yo ap pran li nan menm’w. Jis paske li rete anndan kay la avè’w sa pa vle di ou genyen’l. Ou toujou dwe mete nan tèt nèg ou ke se ou ki “BEST”. Toujou JOFRE mennaj ou, ba li yon ti apèsi, epi kite sèvèl li, devlope imaj yo. Epi Pou li ap dòmi bòkote’w epi l’ap reve’w. Bal li anvi

Pa bay mennaj ou rezon pou li al nan yon lòt fi, alò Jofre’l epi sispann mache toutouni devan’l.

111 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top