Opinion

Rezon pou jèn fi Haiti fè atansyon avèk diaspora ki nan laj ki vle pran yo pou madanm pou mennen yo nan USA

ATANSYON – Pandan ke Haiti pa bon pou jèn yo, anpil Haitien k’ap viv a letranje tankou nan, Etazini, Canada, etc… anpil nan yo ki nan 40, 50 tan yo pran anpil avantaj de jèn fi k’ap chèche yon fason pou yo kite Ayiti pou al chèche lavi nan yon lòt peyi. Pou anpil jèn fi an Haiti, lè yon diaspora tonbe sou do pye yo se tankou yon ja yo dekouvri san yo pa konnen danje, sousi, mizè ki gen pou vin dèyè.

Pafwa sa moun sa pa konnen, nèg sa te deja gen yon fanmiy, te deja gen plizyè manman pitit. Lè jèn fi sa antre nan vi nèg sa e ki pa konn anyen de vi li, tout bagay sa yo gen pou kreye anpil problèm pou li, san konte problèm pitit, ansyen madanm ak manman pitit pral koze pou li. Jèn fi sa ki nan ane 20 tèn li, 30 tèn li, avèk yon nèg ki nan 40 tèn, 50 tèn li, konnye a maladi gran moun kòmanse antre sou li, tan kou sik, tansyon, etc… ou menm ki nan vi li konnye a ou gen pou al jwenn tout problèm sa yo.

Lòt bagay ki gen anpil danje a, se sa ki rele JALOUZI an. tout moun gen dwa pou chwazi moun yo vle, men lè yon zwazo kòmanse pèdi plim li vin pa ka vole se atè li manje. E sa fè li pedi anpil konfidans. Nèg sa k’ap antre nan laj, kòmanse pèdi anpil konfidans, depi li ta wè jèn madanm li an li sot chèche an Haiti kòmanse ap fè ti zanmi, gen lòt jenn ti gason nan menm ran laj avèk madanm li, k’ap fè li ri ebyen jalouzi ap kòmanse tonbe. Menm yon jenn gason ki gade fi sa, nèg sa ap tire pye. Sa ap kozjèn fi an mizerab. Epi sa ou tande a, nèg sa pa menm vle li pale avèk frè’l, sè’l, manman’l, papa’l, etc… paske li pa vle ankenn moun fè madanm li wè ankenn rezon.

Nèg sa ki nan 40, 50 tèn ap ba jèn fi sa yon premye pitit paske li pa vle pèdi jèn madanm li, l’ap ba li yon dezyèm pitit pou li ka pake li anndan kay la, l’ap ba li yon twazyèm ti moun pou li ka antere li nan kay la nèt. Majorite nèg sa yo nan laj sa yo pa wè lòt bagay ke tèt pa yo. Yo pa panse si yon bagay rive yo kouman ti moun sa pral viv, kouman jèn fi sa pral fè pou okipe ti moun sa yo, yo jis wè tèt pa yo.

Sa ki pi di nèg sa yo konn si tèlman jalou yo pa vle jèn fi sa ale lekòl, si fi sa pral yon kote se yo ki pou mennen li, paske yo pa vle li kondi, gen sa menm ki pa menm vle fi sa al travay malgre pafwa se nan goumen pou li peye kote pou yo dòmi an. Demen lè yon bagay rive nèg sa jèn fi sa pran nan mera, paske li pa konn anyen de peyi y’ap viv ladan, sèl sa yo konnen se bouyi grenn diri, bouyi bannann, fri ze, lave kanson, slip, pase pantalon, etc. Sonje byen nèg sa te fè jèn fi sa bay tout fanmiy li ledmi. konnye li lisèl li ak 3 ti moun nan men li. Konnye a yon jèn fi nan 35, 36 zan fin plise nan leve ti moun, ak okipe gason. Tout rèv li te gen tout ale.

Jèn fi ki nan relasyon kon sa, pa vle di nèg ou an menm jan, men fò ou fè anpil atansyon. Toujou asire’w ke rèv ou te gen an w’ap toujou ka swiv li, si ou vle. Jalouzi an ap toujou la, men si li pa vle ou al lekòl, li pa vle ou nan pale avèk fanmiy ou, konnen li lè pou ou pake valiz pou ale. Si ou pran yon ti moun nan men li, pa pran yon dezyèm si li jis vle ou jis chita lakay bouyi manje, lave rad, pase rad, konnen nèg sa te jis bezwen yon ti bòn pou vin okipe li. Li toujou bon pou ou panse avèk fiti’w, pa kite ankenn nèg vin gache lavi’w.

50 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top