Love & Sex

Yon fi an Nigeria mande mari’l divòse pou trò gro kanbèlann

NIGERIA – Nan yon tribinal nan eta Zamfara, anpil moun te trouve plezi diran 2 moun marye ki t’ap divòse, sa ki te koz plezantri sa, se rezon madanm nan te bay jij lan pouki sa li te vle divòse ak mari’l.

Aisha Dannupawa, ki se yon madanm marye ki genyen 3 pitit te mande tribinal lan pou li te kraze mariyaj li gen avèk Ali Maizinari, paske li pa ka sipòte penis li trò gro. Aisha te fè tribinal la konnen li te marye avèk mari’l apre premye mariyaj li pa te mache, daprè sa Nigeria’s Tribune te ripòte. Li di avan li t’al rete avèk Maizinari, jan tradisyon mande’l la, li te envite’l kay paran’l. Men se lè yo t’arive fè sex se lè sa li wè nan ki sa li pran. Aisha di li te gen anpil doulè paske penis Maizinari trò gro.

LI ATIK SA TOU: La Caricom cesse ses contacts avec la République Dominicaine

Li di tribinal lan, li te si tèlman gen doulè li te oblije pran remèd pou li te ka santi’l mye, e se manman’l ki te fè remèd pou li. Li di manman’l ki sa li pran e nan ki doulè li te ye, men manman’l di’l, se paske li poko abitye, avèk tan li p’ap santi doulè ankò. Apre 2 jou Maizinari te retounen vin wè li , yo fè sex ankò, men eksperyans sa te trò di pou li, se lè sa li santi ke li p’ap t’ap ka kontinye ak maryaj sa, paske penis li trò gro.

Maizanari pa te demanti sa madanm li t’ap di an. Li di tribinal la, li pa gen pwoblèm pou li divòse avèk li, men fò li remèt li lajan li te depanse pou li te aranje mariyaj la. Lè jij lan te mande’l konbyen kòb, Maizanari te di N60,000 ki se yon afè de $296 US.

LI ATIK SA TOU: La République Dominicaine ferme temporairement ses consulats

Tribinal la te ba yo yon lòt dat pou yo retounen, jij lan te di yo pou yo chèche mwayen pou wè si yo te ka rekonsilye.

wife-runing-away

SOURCE: tribune.com.ng

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top